Pa jwe mizik sa Chak fwa m'tande’l m’santi’m blese Se li’k premye danse Nan premye ti bal nou t’ale Pa jwe mizik sa Se tankou yon kout kouto anba kè Lavi’m gon gou anmè San ou mwen santi tout doulè Men ou met jwe mizik sa Men bwat vokal la pa chanje Se vwa nou toulede Kap di kite mesaj souple Cheri m pap janm pare Pou mwen bliye jan nou te ye Pa jwe mizik sa Nou te tankou de timoun fou Kit diab kit lougarou Nou pat pè telman n’te damou Pa jwe mizik sa Yo diw paka gen de manman Men cheri gen des moman Pou mwen ou te plis ke yon manman Men ou met jwe mizik sa Youn nan bel souvni mwen gen de ou Le ciel fè nou yon kou Mwen pediw nan goudougoudou Mpa kwe map janm pare Pou mwen bliye jan nou te ye Ooooh! Yalala lalala lalala! Heyyyyy! Gade nan kè'm wa va wè! Epi nou tres KLASS! Tribulasyon mwen! Malè pa janm anonse Prekosyon pap janm ase Lè se destin ki deside Veux, veux-pas, fo w reziyen w Pa janm fè rezèv lanmou Lèn gen yon moun nan vi nou Ti mizik sa se pou nou Mesaj la ka sèvi nou Mpa vle wè moun kriye Se lavi’l map celebre Pito m’wè nap danse Se sa ka soulaje’m Olye n plede di nap gentan Pou’n eksprime lanmou Pito’n pwofite chak moman Lavi a ofri nou Se konsèy sa mkap ba nou Malè pa janm anonse Prekosyon pap janm ase Lè se destin ki deside Veux, veux-pas, fo w reziyen w Pa janm fè rezèv lanmou Lèn gen yon moun nan vi nou Ti mizik sa se pou nou Mesaj la ka sèvi nou Mpa vle wè moun kriye Se lavi’l map celebre Pito m’wè nap danse Se sa ka soulaje mwen Olye n plede di nap gentan Pou’n eksprime lanmou Pito’n pwofite chak moman Lavi sa ofri nou Se konsèyyyy! Woy! Gade nan kè'm wa va wè! Gade nan kè'm wa va wè! Cheri m sonje w! Klass it is baby! Yes it baby!