Se nan solèy la mwen benyen Lè mwen leve lè maten Nan lawouze m badijonnen Mwen fyè ke m se Ayisyen Rasin mwen plante an Afrik Yo te mennen ladan kou tibourik Men zansèt mwen te lite Pou banm libète ak fyète Frè m ak sè m pinga n reziye n An nou chèche konn kisa k bloke n Se vre chenn lan te soti nan pye n Men nou toujou esklav nan panse n Pran almanak ann chèch'on dat Nou bezwen yon lòt milwisankat Zansèt nou yo te fè li deja Li nesesè pou n refè l jodi a! Yo kolonize n plizyè fwa Sou yo nou toujou jwenn viktwa Nou se yon pèp ki gen listwa Nou se yon pakèt grenn ak bwa Lè pitit mwen mande m papa Kiyès mwen ye? Mwen gade li nan je Ak ponyet mwen konsantre Mwen di l, "Cherie se Ayisyen w ye!" Frè m ak sè m pinga n reziye n! An nou chèche konn kisa k bloke n! Se vre chenn lan te soti nan pye n Men nou toujou esklav nan panse n Pran almanak ann chèch'on dat! Nou bezwen yon lòt milwisankat! Zansèt nou yo te fè li deja! Li nesesè pou n refè l jodi a! Ayisyen! Nou se yon sel ras Yon sel Klass! Sa nou ye? Nou se fanmi! Se sa wi! Yo kolonize nou plizye fwa Boure sèvo n ak fatra Fè n dezakòde! Sa fè nou diveze! Men pi vit nou rive aksepte sa Se pi vit nou pral ka chanje sa Ann ale! Toujou toujou sonje! Nou se Ayisyen! Se sa nou ye! Nou fyè nou se Ayisyen! Nou pa vle sa chanje! Nou se Ayisyen! Sa pap chanje! Nou fyè nou se Ayisyen! Si yo kolonize nou plizye fwa Boure sèvo n ak fatra Pou n dezakòde! Sa fè nou diveje! Men pi vit nou rive aksepte sa Se pi vit nou pral ka chanje sa Ann ale! Toujou toujou sonje! Nou se Ayisyen! Se sa nou ye! Nou fyè nou se Ayisyen! Nou pa vle sa chanje! Nou se Ayisyen! Sa pap chanje! Nou fyè nou se Ayisyen! Pa bliye lè chay soti sou tèt li tonbe sou zepòl! Yon sel ras mezanmi! Yon sel Klass! Sa nou ye? Nou se fanmi! Klass it is baby! Se fyète nou! Chante! Chante! Nou se Ayisyen! Se sa nou ye! Nou fyè nou se Ayisyen! Nou se Ayisyen! Sa pap chanje! Nou fyè nou se Ayisyen! Nou se Ayisyen! Se sa nou ye! Nou fyè nou se Ayisyen!