Savon pa ka dire kote k pa gen cheve Gen de desepsyon yon nonm konn pran lanmou dèfwa li mechan (Se pou yon moun l ap pale) Ou anvi kouri men pou tchovi ak bèl souvni Ou reziye ou ap viv nan lanfè Dèfwa w sou san w pa bwè Mesyedam la sosyete se pou yon moun m ap mande Vin ede m jwenn yon solisyon souple Kouran lavi l koupe envètè di l pap chaje Tout tan solèy lanmou an pa leve Douvan fè nwè pa gen respè kay la an gè Di m si w pa pè kijan w pral fè Douvan fè nwè pa gen respè kay la an gè Di m si w pa pè kijan w pral fè Yon fwaye fristrasyon ki san kominikasyon Se tankou yon bonm ki pwograme K ap tann lè pou l eksploze (Se pou yon moun l ap pale) Mande m kisa l fè li pa yon mesye ki parfait Men li bay lanmou lajan ak respè Pouki l pa jwenn moso bonè Mesyedam la sosyete se pou yon moun m ap mande Vin ede m jwenn yon solisyon souple Kouran lavi l koupe envètè di l pap chaje, non non Tout tan solèy lanmou an pa leve Douvan fè nwè pa gen respè kay la an gè Di m si w pa pè kijan w pral fè Douvan fè nwè pa gen respè kay la an gè Di m si w pa pè kijan w pral fè (zanmi m) L ap kouri l pa ka swe Se pa dat m ap plante flè pou m jwenn yon ti papiyon Kounya m wè m nan yon dezè dan wòch ap ban m depresyon Lanmou m wè anba w tande Ou gen bèl kostim men kanson w kreve Kòkòt cheri m reziye m Ou mèt kanpe cha m ap tou lage pye m Lè w pran kou ou tonbe, fò w releve Pa gen ekspè nan lanmou Ou te jis pran chans ou Nou konprann ou zanmi nou pa timoun piti Se pa pou moun w ap mande Se ou k viktim Se pa dat m ap plante flè pou m jwenn yon ti papiyon Kounya m wè m nan yon dezè dan wòch ap ban m depresyon Lanmou m wè anba w tande Ou gen bèl kostim men kanson w kreve Doudou cheri m reziye m Ou mèt kanpe cha m ap fout lage pye m Lè w pran kou ou tonbe, fò w releve Pa gen ekspè nan lanmou Ou te jis pran chans ou Nou konprann ou zanmi nou pa timoun piti Se pa pou moun w ap mande Se ou k viktim