Ti boutèy dlo vann yon dola nan lari a M antre nan on bar, menm ti boutèy la senk dola Gen remak pa kite moun fè w Sa k pi enpòtan se respè w Toujou met kè w kote yo konn valè w Mwen sibi anpil enjistis sa vrèman tris Mwen fè anpil vye sakrifis pou m ka jwenn plis Konsa kè m chaje sikatris Leve timoun sèl pa bonis Mwen vle met kè m kote yo konn valè m Malgre w eseye toupatou ou toujou pran kou Mwen konnen w fè tout pakou nan chèche lanmou Mwen pa di se mwen k pi bon pou ou Men sèl sa m ka pwomèt ou M ap pran swen ou, renmen w chak jou M pral met vale sou ou Mwen pwomèt ou avè m ou pap pran koudeta Mwen garanti w kafe w pap janm koule ak ma M pap ba w manti m vle eseye Men chak chans mwen pran mwen echwe Mwen vle met kè m kote yo konn valè m Malgre w eseye toupatou ou toujou pran kou Mwen konnen w fè tout pakou nan chèche lanmou Mwen pa di se mwen k pi bon pou ou Men sèl sa m ka pwomèt ou M ap pran swen ou, renmen w chak jou M pral met vale sou ou Rutshelle Konpa Cheri santi l anba kè m ay Oh oh, oh oh, oh oh Pipo K L A S S Klass Mwen konn sa w pran, sa w sibi Tout kè brize avan w te vini Nou gen lavi ak volonte Lanmou nou pral eksploze Son gwo defi nou dwe leve Pou bonè nou toulède cheri Si m pa ka mete sou valè w Mwen sèmante pito m pa nan vi w Si m pa ka mete sou valè w Ou pa dwe cheri fè m vi m avè w Si m pa ka mete sou valè w Cheri w deja gen anpil valè pou mwen Si m pa ka mete sou valè w M te pito rete poukò m Si m pa ka mete sou valè w Cheri m pa tap merite plas sa Si m pa ka mete sou valè w Cheri w gen jwèt nan men w ou konn sa w gen nan men w Si m pa ka mete sou valè w Ou va fè m pi jalou Si m pa ka mete sou valè w Oh oh oh oh Ann kenbe men cheri Konpa Cheri m di w m santi l anba kè m, ayy