Ooh Gen bagay ki rive w, w a mande w koman ou pral sot ladan l Ou ka panse w nan dòmi, ke demen y a di w s on kochma w t ap viv Fòk ou kwè ke se etap w ap travèse nan vi w Fòk ou kwè plis li fènwa se jou l pral jou Ou nan on defi, konte sou li Ooh Lè w nan move moman w a di se pil sou pil tout ap vini Byen souvan ou mande pou ki se kounye a menm yo chwazi Fò k ou kwè, menm si li parèt difisil Fò k ou kwè, pa gen miray ki pa kraze Ou nan on defi, travay pi di Si tu peux voir détruit l'ouvrage de ta vie Et sans dire un seul mot te mettre à rebâtir Si tu peux conserver ton courage et ta tête Quand tous les autres les perdront Alors tu auras ce qui vaut mieux que les Rois et la Gloire Tu seras un homme, mon fils Kreyòl La, Invictus! Ti Mari pap monte, Ti Mari pap desann oh, oh Depi ou gen lafwa Pè sa ou fè, pinga w pè sa w pa fè Depi konsyans ou klè Djaz sa a se Kreyòl La Nou se pitit Gran Mèt la Parenn nou se Joubert Charles Nou batize andan game sa a Ti Mari pap monte, Ti Mari pap desann oh, oh Depi ou gen lafwa Pè sa ou fè, pinga w pè sa w pa fè Depi konsyans ou klè Djaz sa a se Kreyòl La Yo rele li Djaz lajenès la Djaz Ansyto Mercier a - dwèt siwèl Letènèl la Nou se Apach de san Nou goumen tout jan Tout otan Bondye ba n talan Nou kanpe pwen sere, menm jan ak Boga GS Addiction, Gaelle ou adikte moun yo wi la a Apach de san, konbatan vanyan Tande sa a Koul non koul non, rilaks (rpt) Piga kè ou sote nenpòt kisa k ta ka rive Se etap w ap travèse, Bondye mete ou a leprèv Lè w panse tout pòt fèmen pou ou, g on fenèt li ouvri N ap soti ladan n - Ti pa Loulou, ouvè kò w andan lakay ou Ti Mari pap monte, Ti Mari pap desann oh, oh Depi ou gen lafwa Pè sa ou fè, pinga w pè sa w pa fè Depi konsyans ou klè Djaz sa a se Kreyòl La Nou se pitit Gran Mèt la Parenn nou se Joubert Charles Nou batize andan game sa a Nenpòt jan l vini an, nenpòt sa k rive a N ap soti ladan l - Ti pa Kreyòl La, ouvè kò w andan lakay ou Que la lumière soit