Jou w a kite m pap gen ni lè ni jou Ni kòman ni kijan ni moman pou kite m Se yon desizyon w'ap pran lontan K ap vin sou mwen san l pa ban m tan Jou w a kite mwen pap menm gen kondisyon Refleksyon, reyaksyon, matyè a diskisyon Se yon kalkil de byen lontan K ap vin sou mwen san l pa ban m tan Ou pap menm sonje tout bon moman nou pase Ou gen pou bliye yon jou kijan m rele W a va gen mil rezon pou montre jan m pa bon W a mache denigre mwen devan lasosyete E lè sa a, mwen pap jwenn dlo ki pou lave m Kreyòl La, nou just enposib Ou pap menm sonje tout bon moman nou pase Ou gen pou bliye yon jou kijan m rele W a va gen mil rezon pou montre jan m pa bon W a mache denigre mwen devan lasosyete E lè sa a, mwen pap jwenn dlo ki pou lave m Men ni papa David Dupoux, lari a pral pale mesye Esquina Latina, ou jwenn bagay Kite m vibe Eske lanmou se engratitid (di mwen non) Anvè yon moun ki te renmen w Eske lanmou se engratitid anvè yon moun ou te renmen w Si tout sakrifis ou fè yo di l pa janm ase Lè yo renmen w, ou se papi, boubou, cheri, doudou, amour Men lè yo kite w ou meprizan, malpalan, vakabon Yo sonje tout sa w fè k pa bon Yo repete tout sa k posib ki pou fè ou mal Men yo pap sonje se ou yo te konn adore Oh ala lanmou engra Oh gen moun ki pa merite sa Gen de fanm lè yo renmen ki bay yon nèg tout sa l bezwen Ala lanmou engra Pou remèsyel yo itize l rabese l, pase l nan tenten Gen moun ki pa merite sa Oh ala lanmou engra Oh gen moun ki pa merite sa Gen gason lè yo renmen ki bay yon fanm tout sa l bezwen Ala lanmou engra Pou remsyèl yo pwofite l, yo twonpe l oubyen yo kite li Gen moun ki pa merite sa Mache prese a kòmanse Kite m vibe Richard Urbain kite m jere stage la, ou mèt jere pòt la Lè yo renmen w, ou se papi, boubou, cheri, doudou, amour Men lè yo kite w ou meprizan, malpalan, vakabon Yo sonje tout sa w fè k pa bon Yo repete tout sa k posib ki pou fè ou mal Men yo pap sonje se ou yo te konn adore Eske lanmou se engratitid (di mwen non) Anvè yon moun ki te renmen w Eske lanmou se engratitid Eksperyans lavi fè mwen wè ke dèfwa lanmou engra Eske lanmou se engratitid Anvè yon moun ki renmen w Malgre w fè sa w kapab, pou yo ou s'on enkapab Eske lanmou se engratitid