Diferans ant mwen avè w Sèke mwen pale ak bouch Ou menm ou pale ak kè w Sa kreye yon klach ki toujou la E k ap mine lavi m avè w Tout sa mwen di pou jwe Ou menm ou pran l twò serye Ou fin chite tande Epi w kenbe pati ou vle Lanmou m avè w se konsa Yon jou byen, yon jou mal Oh, oh, yon lago kite ak tounen Yon jou byen, yon jou mal Oh, oh, n evante rezon pou n goumen Yon jou byen, yon jou mal Oh, oh, men lè n tounen nou pi renmen Diferans ant mwen avè w Sèke mwen panse ak tèt Ou menm ou panse ak kè ou Li kite yon tach ki toujou la E ki make lavi m avè w Sa mwen ka wè tou pre Ou menm ou pran l nan syèl w ale Jan pa w w intèprete l Ak senaryo ou imajine Men lanmou m avè ou se konsa Yon jou byen, yon jou mal Oh, oh, yon lago kite ak tounen Yon jou byen, yon jou mal Oh, oh, n evante rezon pou n goumen Yon jou byen, yon jou mal Oh, oh, men lè n tounen nou pi renmen Men istwa mwen avè w se yon seri k pap janm fini Hola hola, m pale ak on moun wi la a Mwen avè w M ap ri nan kè m, w ap ri nan kè ou Mwen avè w se konsa Ha ha ha ha ha ha Lanmou nou Lanmou nou s on boule Li fè n dous, li fè n mal Istwa nou fèt jan pa l, e ekri lamoral Ou ou dous Mwen mwen dous Ou ou dous N ap kenbe l dous nèt Ey ey Lanmou nou s on boule Li fè n dous, li fè n mal Istwa nou fèt jan pa l, e ekri lamoral Yon jou byen - On jou, on jou byen Yon jou mal - On jou, on jou mal Mwen avè w Yon jou byen, yon jou mal Oh, oh, yon lago kite ak tounen Yon jou byen, yon jou mal Oh, oh, n evante rezon pou n goumen Yon jou byen, yon jou mal Oh, oh, men lè n tounen nou pi renmen Yon jou byen, yon jou mal Oh, oh, yon lago kite ak tounen Yon jou byen, yon jou mal Oh, oh, n evante rezon pou n goumen Yon jou byen, yon jou mal