Te gen tan wè wout mwen ta pral pase a Mechan yo monte yon pakèt gwo mi pou bare m, pou bare m Malgre sa m t ap janbe yo rale m, mwen tonbe, mwen tonbe, a yo, a ye M pa vle rete a tè, nan do m pou yo pa fè sa yo vle, non, non Sa k pa konpran di m se parese mwen ye Sa k pa konpran di genm nan m' te mal atake, a yo Limyè, enèji e Zanj Bondye klere, klere W a di yo, nèg yo pa gen renmen nan kè yo ankò, ankò W a di yo, lavi gen plis sekrè ladan l Wa di yo, mwen la toujou Wa di yo, mwen la toujou Dè fwa w leve, wè tout bagay parèt nwa, devan w Vire gad'onw lòt, k ap triyonfe viktwa Tout otan ou gen lavi, pa sispann batay, ou nan konba e Lavi a anwo, dè fwa l, pandye tèt anba, a yo Sa k pa konprann di m se parese mwen ye M ap di w se (se pa vre) Sa k pa konprann di genm nan te mal atake Se pa vre Limye, oh! W a di yo, nèg yo pa gen renmen nan kè yo ankò W a di yo, lavi gen plis sekrè ladan l Wa di yo, mwen la toujou Wa di yo, mwen la toujou Kot pil renmen yo tap di w, yo renmen w lan Gad nan kè yo (pa genyen l vre) Y ap fè w bèl pwomès, epi pòt kè yo kadnase Pa genyen l vre Lanmoun enchene, enterè prime, wo anmwey o (pa genyen l vre) Y ap ba w bèl pawòl, gad fon kè yo, se pa vre Pa genyen l vre Wa di yo Wa di yo Wa di yo Wa di yo Wa di yo Wa di yo Wa di yo Wa di yo