Mete m oh Mete m prezidan Mete m oh Sa k ap pale konsa sa m tande konsa Mesye prezidan w ap rete prezidan Sa k ap pale konsa sa m tande konsa Mesye prezidan w ap rete prezidan Lolo prezidan Mike Homie senatè Nounous Depite Kite peyi m mache woh M pa tizè pouvwa jenès la k vle sa Di yo gon sèl chwa Lolo kandida Manmi m di m pe la wap pran nan mera W pa konn bout tè sa nèg yo pa jwe la Ou te mèt kalifye tout Ayiti vote Gen bagay y ap mande w fòk ou ka aksepte Ou pral jwenn opoze ki pral vin kritike Plede medyatize pou yo voye w ale Adye wo Lolo prezidan Mike Homie senatè Nounous Depite Kite peyi m mache woh Granni nou dekole pa gen palè ankò M wè tout moun pè desann anba nou pa gen vil ankò Timoun yo dekole pa gen lekòl ankò Tout moun granmoun fè sa yo vle nou pa gen chèf ankò Gad on konplo fòk n òganize n M pa ka soufri ankò fò n fè respekte n International la kot sipò pa w la Bagay yo tèt anba andan peyi a Adye wo M vle manje lokal Ban m ti lopital Sispann founi nou bal Vyolans pa legal Mete m oh Mete m prezidan Mete m oh Mete m prezidan Gad on pouvwa - le ciel ban mwen Gad on pouvwa - manmi m ban mwen Gad on pouvwa – zanmi m ban mwen Gad on pouvwa – ma famille ban mwen Gad on pouvwa – ghetto ban mwen Gad on pouvwa – nèg lari ban mwen Gad on pouvwa – peyi m ban mwen Gad on pouvwa – dyaspora ban mwen Non mwen pa ladan l - mwen pa ladan l non Nan kontrebann sa m pa ladan l - mwen pa ladan l non M di w non m pa fout ladan l – m pa fout ladan l non Kidnaping sa m pap ka ladan l – m pap ka ladan l non Anmwey m di w pa ladan l – mwen pa ladan l non Pale moun mal sa m pa ladan l Fòk nou avanse Fòk nou deside Fòk nou fè pwòpte Pou touris ka antre wo Fòk nou ankadre Fòk n amelyore Fanmi nou vle antre Yo pa etranje Mete m oh Mete m prezidan Mete m oh Mete m prezidan