Kite yo vini yo pa’p decu N’ap bay vibe san kanpe Tout Moun ka melanje La pa gen exclu N’ap jwe sans en jeu men danje Si ou ta vle envye Rele’m Pou’m met plezi si’ n’ en manque laaa pull up an Bèt ak cash bank la Plede voye l anlè fè yo wè Kote nou ye gen lavi Pou’n trip nou pa bezwen avi’w Kote yo vle ale a mwen la deja Di yo mèt redi’m mwen s’on’w pye ja Tiye’w nan somèy ou tankou’w ninja Si’m pa kontwole m’ka fè dega Pa bezwen eseye ou p’ap jan’m atenn nivo’m Anpil pral echwe nan dèyè blo’m Aprè Sa’m pa wè yo pa gen pi gwo Kite yo fè bri non Aprèsa n’ap wont lonje prim nan M’ap kontinye wout lan (yeah yeah) En Route pou yn lòt vwa Si Wout la twò fasil m’ap met obstak M’ap kontinye menm lè’l fè nwa a Enposib pou’m ta fè bak M fenk fè yon bonm mèt rele’m Einstein Chèche konen’m devan non’m met Hashtag M’pa gen anyen Pou’m regrèt tout sa’k pase aprann mwen devan kèk erè m mete pwen M’ap viv la vi mwen tankou’m nan yon ressort Fake depi’w devan’m ou pa gen chwa fòw ban’m ri sòt (Waw) Men’m si’w pa vle ret nan do’m Si’w sezi w mèt bwè dlo Koz ou pap jan’m ka konpranm move mwen (Hey) M pa’t jamè poze M t’ap travay, Veye gro je Pou’m elimine sa’k pa’t avè’m (Hey) Anpil te vle pyeje’m Pou devye’m De yon desten siksè’m deja tou trase (Wow? En Route pou yn lòt vwa Si Wout la twò fasil m’ap met obstak M’ap kontinye menm lè’l fè nwa a Enposib pou’m ta fè bak