You've come so far all alone The fire alarm goes off in your head You question the value of your life But could you really see yourself laid out on the concrete M santi Kè w pa kontan vre M santi w fèb, ou pa lopital, men w etène W ap fè sanblan souri men dèyè figi w pèn yo kache Ou strese, refleksyon w, an dezòd Kò a kouche lakay Moral ou kouche nan mòg M ka pa wè Sa k anndan w men m konprann chè k' sou kò w Se vre m ka pa nan plas ou, m vle w konnen ou pa pou kò w Kriye, kraze, rele, pou vwa w epwize Blese, kouri, Mwen vle doulè anndan w yo byen eksprime M vle w retounen ap viv Pa plenyen pa ret swiv Sispann di w vle mouri Pakou w la poko fini Aprann e aksepte libere tèt ou a Sa k fèt yo Sispann blame tèt ou se Pa fòt ou