Konbyen fwa ou santi lanmou ap fin avè’w Sakrifyew pou you Moun ki pap fini avè’w Fè’w rayi tèt ou few Santiw san valè Ou santiw meprize paske yo jwe ansanm ak kè’w Lè li fè’w panse’w gon’w moun pou’w apiye Fè’w bay tout sa’w genyen menm bliye tout kalite’w Yo chifonen’w menm kite’w dezabiye Ou tèlman trayi menm ak tèt ou dezabitye Ou te tankou’w chamàn Fè’w ap wè fiti pandan pou Lil pa konsa (Perte de temps) Yap wè nan Je’w plen zetwal Ak bèl souri l’te kache tout vye nyaj Si’m ta rakonte’w Jan nan lanmou yo fè’m abi Fòk mwen proteje’m Paske kè mw Finn rabi Pa gen pi gwo doulè Lè yon moun ou renmen vin endiferan Se lè’l kite’w wap wè lavi ak lanmò pa gen diferans (Se sak fè) No Con No Confio (Non m pa kwè nan lanmou ankò) No Con No Confio (Pou mwen lanmou pa egziste ankò) No Con No Confio (Non m pa kwè nan Pyès moun ankò) No Con No Confio Ou santi’w kriye twòp Lè souvni yo ap wonje’w Fè’w paka dòmi paka manje Ou santi lavi’w san sans vre Santiman’w drive twòp Fè’w tounen sanwont ou ensanse Depresyon fè’w paka kanpe Ti kras kouray wap mande (Paske) Yo toujou ap Brize’w Dèfwa esplwate’w Dèfwa maltrete’w Dèfwa meprize’w Dèfwa imilye’w Dèfwa sakrifye’w Dèfwa denigre’w Sim ta rakonte’w Jan nan lanmou yo fè’m abi Fòk mwen pwoteje’m Paske ti kè mw Fin rabi Pa gen pi gwo doulè Lè yon moun ou renmen vin endiferan Se lè’l kite’w w’ap wè lavi ak lanmò pa gen diferans (Se sak fè) No Con No Confio (Non m pa kwè nan lanmou ankò) No Con No Confio (Pou mwen lanmou pa egziste ankò) No Con No Confio (Non m pa kwè nan Pyès moun ankò) No Con No Confio