Hook Si nou te konnen sa'n ye Nou t’ap met karaktè pou nou leve Koze serye'm di’w la Nou chita nan kopye Poutan Vodou nou la l’ap gaspiye Nou pa vle konprann sa Nou Nago, Nou Petro, Nou Chanpwèl, nou Bizango, Nou Rada, nou Kongo Ah wi nou Fawo Nou Ogou, nou Dantò, nou Bosou, nou Towo, Nou OYYO, Nou Agasou Depi l lannwit pòt yo take Timoun pa mache taaa Se sa gran moun yo toujou di Pòt yo take sere ak bon bwa bale 4 pwent lakou bòne Anyen pap ka antre Nan lakou pam gen gwo Lwa Legba ou pap ka antre Nou mandjangwe w pap antre Fòk ou di onè avan’w antre Lakou nou solid ou pap janm ka antre Ou tande Nou asire Nou fè sa'n vle Ak fòs Lwa yo Lè’n vle kote'n vle Vodou a se pou nou li ye Nou pa dwe kite divizyon fè nou bliye Hook Si nou te konnen sa'n ye Nou t’ap met karaktè pou nou leve Koze serye'm di’w la Nou chita nan kopye Poutan Vodou nou la l’ap gaspiye Nou pa vle konprann sa Nou Nago, Nou Petro, Nou Chanpwèl, nou Bizango, Nou Rada, nou Kongo Ah wi nou Fawo Nou Ogou, nou Dantò, nou Bosou, nou Towo, Nou OYYO, Nou Agasou Limen chandèl paske Legba antre Vire gade Sole Nan lakou a gen fòs ki antre Mouchwa tèt mwen an dwe asire Se chak jou pou’n jete kafe Zansèt yo la anye Se enèji kap antre Kitem chanteeee Fwape tanbou pou larèn Kongo Kafe ole pou Marasa yo Banm patat boukannen pou Kouzen Katchim li pa dwe manke Mwen fin manje tchaka Konnya tanbou pral frape Kite’m mare sentim poum danse Hook Nou Nago, Nou Petro, Nou Chanpwèl, nou Bizango, Nou Rada, nou Kongo Ah wi nou Fawo Nou Ogou, nou Dantò, nou Bosou, nou Towo, Nou OYYO, Nou Agasou