M prale fon w komisyon Ayiti M ap retounen nan yon mwa, cheri Yon ti pasyans m ap mande w tanpri M pa kwè ki fè n kwaze, cheri, se destine Santiman m deja pataje ou konn kote m prale Se renmen kè nou renmen, cheri Lanmou pap janm fini Je m nan je w mwen santi mwen prale Kè m sote tansyon m ap monte Mwen kwè ke se ou Bondye voye Bèl souri tou bote tete byen kanpe M sonje bèl koze nou te pale sou ki bit nou kanpe Lanmou se la verite, cheri, ann pran chimen lavi Nou de santimantal ki tout afè nòmal Viv pou mwen m ap viv pou ou n ap fè pi bèl lanmou Se verite, n ap prale pi lwen Mwen di w, doudou, mwen renmen w jiskaske mwen vle fou Yon ti pasyans m ap mande w tanpri pa kondane m Se verite, n ap prale pi lwen Mwen di w, doudou, mwen renmen w jiskaske mwen vle fou Yon ti pasyans m ap mande w tanpri pa kondane m Dodo titit Se pa ti dous Ay Se verite, n ap prale pi lwen Mwen di w, doudou, mwen renmen w jiskaske mwen vle fou Yon ti pasyans m ap mande w tanpri pa kondane m Se verite, n ap prale pi lwen Mwen di w, doudou, mwen renmen w jiskaske mwen vle fou Yon ti pasyans m ap mande w tanpri pa kondane m Tanpri, doudou Tanpri, cheri Tanpri, doudou Tanpri, cheri