Plimwèt pyafe, ak kaye F on bèl triyo M voye mo jwe antre yo Pwoche zòrèy tande kri yo Bri flo yo naje nan kè w Motive w nève nan pè w Ouvè je w kale l fè wè w Montre w ennmi an gade l ou bèw Nan rap M kanp an fratènite pandan Nèg ap batay pou patènite Li klè m ap lite Menm si Vi m menase (Yo) m p ap pè ni kite Si w panike m M ap pèsekite w Tande bri pyem K ap mache vin pre w Iwonize w ak bravo Montre w pa vo ak bravou Sou dèlma n fòk opresè n Fè kè yo bat Deplase pyon efase sa nou kwense wa echèkemat Raple yo jan chat mache pa janm konsa li kenbe rat Yo fè nou peye frekan N al pran monnen n nan Delimart Lank mwen se sa l Ka remèt Paske m gen soufrans kòm remèd M Fè dap sou sa m p ap remèt Ni pi devan m p ap regrèt Leta p ap regle on mèd Se blanchiman biyè vèt Yo jwenn milyon pou fè fèt Yo bann petwo a kòm dèt Yo k genyen Yo k pou fè pèt Yo se chèf yo se sèl mèt Pèp souvren an kanpe rèd Nou te fin fèl man nou fè l nèt N ap met 6-7 Nan plas makèt Si wè m sispèk Di m sa k ap fèt Gran piwèt pou w pa parèt Anndan pasrèl la se pi rèd M pa gen si lontan nan rap poutan yo wè m vin tou ansyen M pran l senp M rap pozisyon m Pa di viv pou anyen Se sijè k ap manyen Donk m gen lirik pou m pran swen Flo m yo p ap pran fen Kwè m mo yo vini tou ansent Respirasyon m vin an san donk chak ba s on ba l nan kè n Enspirasyon m vin an ven enben bon trak an karantèn M pa di pou m mennen tou rap pa t janm on bak Non plis pou m vin trennen tou non fè rap pa t janm on bak Pandan n ap kritike fòm batay la pèp la fon an Nèg a vès restavèk tanzantan k ap foure yo pi fon Pi fò pou m pa di tout Sou do mizè w y ap kòche w Yo fin vann ou y ap fòse w Y ap byen soufle w y ap mòde w Pran pòz moun fò nèg save bon kot sa n pa devlope la 1804 pat kòve men sanble nou ret kole la Ann wete fatra la Tout pil minis K ap bay kana Pa gen jistis Fòk sa kaba Kot kòb petwo a bann mafya?