M ap travay pou mwen briye men m toujou g on pati sonm Nigga m pa sispann fight pou patizan m Ak tout pati m pran Batman kè m ankre nan chak lirik m ap spit nòmal pou l fè w tranble kòmsi w te soufri pakinson Chak mo s on kout penso Si w nan w kochma li k pou pense w Bay flo ki pou plen so w Lirik ki pou pèse w Vi m ant mato ak anklim, rap ban m dènye kout pens yo Nou pap tonbe menm jan menm lè w ta wè n bite pou menm so Ok fason pasyon m m vle push Ak sans sa k sanble m louch Zèv malad art yo toujou genyen retouch Ok! Vrè rèv ou yo pap mande w pran kabann Se lè plan w yo tonbe nan dlo w kòmanse pran galon Gen goat ki mouri anonim, tout vi l t on akwoni m Atelye emcee a nou rele l faktorim Ak plim mwen m poze bonm, m ap gad sonbre mi yo Jou m tonbe konsidere m genyen, vi m s on domino Etanke pan mchaje zyeu nan mw Map flippin in and out nan multiple vers mchaje dieux nan mw Nan epòk krèy mchwazi met kran poum kreye Kraze kek kolabo krab keyi kle tan poum' jere Nan yon fason mfè vim' ak planm' De echèk mpa janm pè di m' aprann Se sak fè mpa janm pèdi m'aprann Plis lavi plis maji plis nap jwil' plis nap viv ansanm Plis nap di plis m'aji plis map vin knprn Ke lap tan se lè li lè lè plizyè pèp ki kwè vrè tizè fè vit fè, kè lizyè vrè limyè fèn vin wè... Klè Nan do chak aigu gen yon obtus Nan do chak Jesus gen yon doctrine Nan souvni chak mawozo yo gen yon fo kwis Nan lansman chak revolisyon nigga gen yon gwo kriz Mse God body nan yon sans Mbanni non sens Mpa nui non son Poum spit knowledge all the way M pi plis ke plis Mistik ke mizik Vire je w isit Viv tankou moun Se bourike isit Flach k ap klere n yo flou Pwojektè k te la yo etenn Etenn n ap etenn tout vi Konmsi n nan on jenosid isit Frè m s on gwo souf Nan on bouke Yon gwo chout nan on ti pye Yon gwo kou k fè w vide M ap jere on faktorim nan lemonn fè koupye Tande Eko nou l ye men fizikman n pa travèse Mòfolojikman n emèje Pandan lespri nou imèje Fuck that Nou poze la kou 50 kòb Ak tout tonton nou Raple w nan kan nou Fas a fas Dozado n jere klan nou Kite nivo gradoub Pou n antre swa san pran vazlin Ka di n s on machin tout jan n kanpe nan rap Fabrik nan nan m nou Bòs tayè pa ka wè chen panse se pa zo l ap rekoud Nan hood je n koud Nou rèd w a di n te pase stoud Sou fèy n ap balade Ide n yo rete kou ikòn Fabrike gwo rim sou gwo rim Kole emcee kou silikòn Nou pa ka fè faktorim San n pa pale de pwoletarya Antanke ouvriye plim Sa s on sendika kont pil mafya Sa yo bann nan minim Nou dwe leve pou n chofe lari a M pa pè parèt figi m M tou mete m prè pou komisarya Tout polis yo an plas Yo pran risk yo anfas nou Yo kanpe pou yon klas Apre pou yo ka jwenn on bras Nèg sa yo tèlman raz Yo bay lòd pou bann gaz Batay la ap pr ron lòt faz Enben nou pral tann yo nan baz Fòse nou travay di Pandan y ap konstwi kapital Epi n ap kontinye viv mal anndan yon fòkin kapital Chak grenn jou n leve s on batay Kont yon vye sistèm kanibal Menm sin pran gaz kontinye Sinon nou byen konnen ke l ap pi mal M pa bezwen site Tout pri pwodwi yo nèt fin monte Menm premye nesesite Anplis dola a k ap wonfle n Ki fè m gen raj nan sa m ap spit la Li tou ede f on terapi M t ap toujou chire bit la Menm si l te koud sonapi