Fatig bay vwa koulè pal Mwen m mete punch m ap fonse Chak MC gen mo pa l pou l bay mwen m t ap panse M Pa g anpil chwa m rete kalm M tand on dat k anonse Pou konba a ka vanse Leve a kanpe a lanse Se dlo nou tout ap bat Pou n fè bè e pa dat Nou on pil men nou an plas E kòmsi nou ann d on bwat Strès souvan anpare nou Ou ta di yo kondane nou Yo g on jan y ap kale nou Pou yon fen y ap prepare nou Li pa fado si w black Nou s on mago nou chak Tout Moun nwa yo Nou se nwayo Men yo pran n pou n makak Yo rasis yo tchak Yo k ban nou plis mak Pandan n se motè listwa Pou lònè n merit on plak Yo pito redwi n Petri n Dekrin kòm debri M ap redi l Y ap detwin Nèt Fè n pran egzil Se toujou menm pwoblèm yo kolonizasyon Okipasyon Domination Eksplwatasyon Se menm konsèp yo Yo bann nou kou a, kou a fè nou mal oo Yo bann nou kou a, kou a fè nou mal oo Yo bann nou kou a, kou a fè nou mal oo Yo tèlman bann kou a, kou a fatige n Vid anndan m yo grandi koz bri kèm fè gwo eko M ap respire an ralanti Wa di sèvo m mand on repo Dèfwa l plen l a lafimen Tankou vye kò a s on depo Dèfwa m nève m s on imen Ni mwen m tou m g on ego M pa dakò moun siperyè Reveye w pou si w te kwè Se bagay bagay pi stipid Pou koulè po w ou di w Meyè Yo vann Bondye pou tilepè Si w di li nwa y ap di erè Yo kenbe n nan stad tiye vè Nan vant E tout sa yo di se vrè M pral ban n on ti sekrè Peyi a l pou yon ti sektè Yo k gen lajan Yo k gen pouvwa Yo gen kontwòl depi se tè M konnen byen ke nou tout wè Franchman m pa konn kisa nou pè Si moun nan ap sèvi opresè pa fè l konfyans menm si l se pè Se nou k dwe priyorite a M wè nou Neglije sa N pa dwe dakò soufrans sa Pandan se nou ki eritye la a Rasin nou verite a Nou pa dwe meprize sa Enèji pou n goumen Fòk nou viv byen Nou merite sa Yo bann nou kou a, kou a fè nou mal oo Yo bann nou kou a, kou a fè nou mal oo Yo bann nou kou a, kou a fè nou mal oo Yo tèlman bann kou a, kou a fatige n Nou chèche n pa twouve Lavi n ap pran kalòt N ap karese rèv nou Men sekrè midi ap touye yo Nou chèche san twouve Yo ban nou sa yo vle Men yo ban nou, yo ban n kou