Kle pou ouvè pòt Mo k antre nan lòt Sa klè M satiyèt ou Tèk!! Teke w nan kòt Pèdi w Rale w nan kòd Redi w lage w ankò Pou m ka touche nanm ou M oblije pase nan kò w M ekri pou m Fonn nan tan an E pou m flay nan van an Sou kèk ond m ap kadanse pandansetan Balanse son an Pou m ka panse non an Si w wè m leve ton an Se pou m ka lanse plon an Tankou defwa M konn santi l s on devwa Si g on bit ban m mete vwa Ou p ap bezwen di m sa 2 fwa M rap detay Se konmsi flo yo debraye Sou bit m ap voye fay Se tankou m te tou deraye M gaye m ap paye Poze twòp m ap kaye M ap gade m ap tate Pou m jwenn yon pòt pou m rantre M gen mo kòm kle Nenpòt tou m rantre Nenpòt klick nenpòt bit nenpòt MC m apre M gen flo m rape Si gen fot raple m Lavi a toutouni rap pou m abiye l Lespwa pèdi ekilib m jwenn mo pou m apiye l Reyalite a tris mansonj yo makiye l Reyalite g poutan s ak mo nou fabrike l M gen mo k dou ki ka pwovoke pi gwo dram Mo k lou ki peze milyon kilogram Ou vle pil flow, rhymes Just pase mikwo sa pou m krache kèk tankou s on melodi mozart Rap mwen fè w souke tèt men anvrè li vize kè w Nou ka abite lwen men pwezi fè m abite prè w Efò n fè pou pote ba w yon flow ki fini Pou n pot yon rap ki rafine yon pwodui k fèt e founi Anfèt si w feel li fò w kwè m transmèt yon feeling N ap met pasyans nan chèche mo jou k nou rale trip foumi M pa t bezwen kenn aksè pou m rap M te vle fè l avèk moun pa m M anvi rantre nan kè nou chak Avèk kèk mo m ka tou stab On nouvo vi tou N ka tou stat S i wè m pral vit Ou ka di m stap Yo di nou fit Nou ka f on pak Kouran an ini nou l pa fè spak (ow!) Vini isit pou filin Founi n funny shit pou fini Hip hop p ap gade sou figi n Depi w di wi se ke w fil li Yeah Kèk kwen yo fè kwè M bon men yo fèk wè m S on bonm epi m fè l klè S on don w p ap ka fè kwè m! M ap ekri jouktan m fè eksè Boule bit yo eksprè Plede manche plim pou m fè rim la m s on ekspè Yo w konnen se pa esè A chak track se eksplwa Ou renmen skills ou tease A chak fwa se respè Nou g on jan n poli mo yo swa Si w gen foli pot yon pwa lou Mete rap sa sou zepòl ou pou l tou kraze omoplat ou Yo nou gen sekrè pou n pale pou n ta fè bawon ouvè pòt Men la silans nan se mo kle a yow you better shut the fuck up