Sekrè bèlte Vokab daki nan pwent djòl granmoun Reflè laj erè optik wè 2 pye w nan tou tchouboum Lafyèv regrè n on gwo bonm bwè te ti bonm Repons lavi se medsin pou tèt k anfle pase bonm Tout sak plante gen vokasyon pouse Simen knowledge nan panse w jenn grenn refleksyon pouse Kreve pwa nou apre tann lapire Bay enfliyansè bann chwa nou apre pou l anpire Vin fad gou li brak ba bòt la sou kou n n ap Toufe n vle bat ba kò n koukouman na p Wouke n pap kaba fò n konn kouman n ap Leve pou n tay-ba fon n pouse kòn n ap Èzlirikalman siprèm richès mwen Kontabilize an rim pran chak beat kòm kès mwen Rap sann se baz la wi D blok Hip-hop ap koule nan san m bay sewòm nan chak blòk M atake bit Lejitim defans yeah Sa fè l pi entans yeah Paske m vin fuck tout enstans Konsène yo m sène yo ak on 6e sans M bak nan nayntiz M vin baw tiz E paske m gen ponch M pati g on bri bal Si w tande m ou pa sib W ap tonbe si w p ap swiv Men bon MC Ou p ap switch oooh Sa rive dwat nan kè w Si w wè w vin dosil Real Hip hop rann sa posib E m pa ekri ba toksik Nan on distans Nou ba w lisans Pou w li sans nou On vayb imans On bèl pisans Ba l plis sans tou Ou pa ta di m s on sous Yo m konsistan tou M ap fè plis tan M p ap janm sispann Vin siprann nou Lè m pa la m kit on vid Kou lide m di m kwit on bit Rap la poukò l s on wayom M p ap janm dakò l vin bidonvil Li grandi nan vim Anplis Li fè m jwi anpil Depi m fin di mizik M wè Diskòb Yeah m f on pi bon dil Nan yon verse plizyè mo kwaze Yo deside kreye sans Yo di sa k pa imaj pa baze Apre yo fè konesans Pwomès prezante tèt li Mande demen peye dèt li Lè emosyon pran pawòl Tan reyalize se li k mèt li Anpil kakofoni Lè bon sans pran pale Anpil ajitasyon Menm konsyans pran pa li Men tout mo te pran souri Lè pwezi ouvè bouch li Se te bèl amoni lè mizik tanmen mete touch li Santiman vin alèz pou l eksprime l Li menm rakonte valè fwa rezon bimen l Sa k fè lojik vin gen sousi pou l eksplike Malgre jefò l lanmou ap toujou ret konplike Verite te la men manti te vle pale nan non l Veritab dout met pye jouktan listwa grate nannan l Anbyans lan te majik men apre sa dewoute Koz lè silans t ap pale pèsonn pa t sou koute