Back to the source, Black in the roots Ak tim Boots, still lari, lari style Pwoche koute grandèt Peye tout dèt Konble vid nan tan ak nati Bife tout trèt, depi l te fè rati Pa gentan pou n pèdi, se ipap se pa literati M vini pou m kill ou pou style ou Bèl bout black a-tèks Pa ka pa teste plim ou, rim ou, Drese w, diss ou Pa ka pa tcheke Bèl bout rap a-tèks, pa komès, paka cheke Pa ban m chèkl, pa ban m tchèk Pou vann konsyans rap Tout rapè konsyan gen konsyans rap Tout rap konsyan Pa ban m etikèt rapè konsyan Sa k sanble rasanble, sa k sanse sanble Sa k sanse rasanble bout kreyon, fè kout kreyon Trase sans sou mi ak san Sa k pa t soumi mete aksan Trase rèv sa k pa t soumi Fout brake listwa, ak manch long, long manch Byen manche, mache byen M met plis pasyon ak nanm jis pou m kenbe karyè m Mond alanvè pwòp talan w tounen baryè K fè defèt vin ap prè w siksè vin ap pè w Pa etone si yo plas' avan sak dwe vin aprè w Anndan m blese m ap rape san lapè M ak yon pansman sou kè m plis yo mo sou chak plè Yon flo sou chak pèn, chapo pou chak frè Ki pap livre mikwo pou yon biyè ni 3 pyès M spit rap street ki g on savè powetik ri m ak pozisyon k ba l yon koulè politik San etik rapè yo touye rap pou yo viv Mache a dikte pa di ki tras pou yo suiv Mwen m ap rete gran atache ak libète Jou pli m mw pa ta ekri ankò l ap vomi lank fyète Rap pèdi vrè sans li, esans li M vin pran li nan sann li pou m ba l renesans Music Black tankou Basquiat Fat tankou Blacka Thug tankou Pac Punch Tankou Jak Stephen Deep tankou Marley San klaxòn kou malè San limit tankou mal e M vini m tankou m ale M vini lè pou m ale Kouri lè pou m rale Souri lè pou m pale M offbeat lè pou m rape Rim yo fè lekòl, sa s on rapasutra Y ap tann nou chanje pozisyon tankou nan kamasutra Mande Dedy, si l pa renmen Styl nou, skills nou Nineties shit, fuck la teknik sèl ezkiz nou Suiv nou Tankou n magic Klasik kou Illmatic Nou Back tankou rim nan Back tankou rim nan Plim Asasen Still rete sou sèn krim nan M pa mache ak letan non non m ret tann li Hip hop fè m angran Yeah an gran tou m defann li M met kèk pa an avan Men avantou m swe nan li Sistèm nan met lavi anlè Mwen m pran bit m desann li Ak fòs san fòse nan bouf Nou gen Bòs Sèlman pou n bose bouch Sou tout pòs san Boulos San fè bòz hip hop n ap push Solèy San cho San somèy San chome Sou jwen sans mo n W ap wè rim k ap moke Yow si l woulibè Li ka kouri kou li wè Bout flo koulin pou li m pè Men rap solid pou di n prè (hen!) M pa nèg k ap chanje Moun m ye a pou sa m santi Okontrè pou m santi sa m santi a Fò m moun m ye a Kounye a Se toujou rezilta sa l te ye yè a Year! Pou amitye n ret fre Ret menm frè a Yo parèt real yo fek ofon Moun ak bagay yo dwe kofonn M vin ak brav ekri sou fon m M pa vin ak shit ekri sou fanm Year! Malad Tèks Fuck Teknik Tèks kritik twòp tèt twò bèt twòp Twòp bèt twò tèt pwòp twòp tèk bò tèt twòp Tèks-ko tèks-la lan-vè tèks kotèks la Tèks-Pre Tèks-Kon tès konn tèks pretèks la Tèks gra italik tèks mèg tèks beat ritmik 16 ba rim a ritm tèz rèd tèks street gimik Litik-po tèks tout po tèks jwi tit gwo tèks Kritik gwosyè sou do pwèl jwèt ti bo sèks Milimèt matematik gachèt dwèt Milye mèt rap tematik bèt tèks rèd Milye lèt rap illmatic bèl bèt blèww Mitrayèt galil klasik mwen m rèd nèg Ego trip tèks skills eko tristès nigga Nigga tip tèks tris eko trip kill ego Tèks transkri e transpire sansire san skrip Tèks sans kri lè m enspire téks deep sanskrit