Deja m sou stannbay Kidonk m pa vin pale de siksè M gen punchline Men sa k pi rèd yo Se sa k pale de mizè Melankolik m g on son m bay San m pa pase m nan miksè San fè eksprè m f on eksè d zèl nan yon senp esè M viv lib ak on may gran lakou Pa gen sa m vle m pa ka dou w M viv ak sa m dwe M vle w respekte m Pou sa m aji byen ak ou M gen plim e karyè m pa ka bout Flo m yo vin tou patapouf M fon rap bosal On bèl dozaj (hey!) Nou nan kay la fout! 90's tipik M fè sa pou hip hop mizik Li fè doulè m fè w sekwe tèt ou Jwe nan tèt ou m s on sinik Ladan l nèg ap mete presyon Pandan m ap remete an kesyon M ap gad atis k ap mete may Pifò nan yo pral nan eleksyon Annd on peyi k fin kraze nèt Kounya k pouri k ap kale bèt Dola a fin kraze lestomak nou n ap viv pou n ka peye dèt Menm lè sou kèk nou Pase trè Pi devan nou pral f on prè E n prè pou n rete avèk Sèl sè n frè n yo tou prè Gen lòt k ap vini sa w ko wè Dayè n lakay nou yo k pou pè Ki kote nou prale Ki pawòl n ap pale Nou k di n pa sou ranpe Di m sou ki bit nou kanpe Nou sou stannbay Stannbay Pafwa m kache sikatris Pou m jeron aparans M p ap menn on vi atis m jis ap kreye kèk anbyans Isiba l pa fasil tan m bay legen m tant on chans Deja atenn nou difisil Menm lè ap fè rap ak bon sans Chak jou Moute desann Lavi pelerinaj Libète m ak bout tè Sèlman kòm eritaj N ap respire nou espere Se sa k kenbe n Nou pran kouraj M p ap CD m deside M p ap mouri man tankou lach Lannwit bay bon konsèy pafwa m tande l di m kontinye W nan blakawout men w nan bon wout man Pa bliye S ayiti w ye Mete may Revandike dwa w Poutan y ap plis fizye w M pran lari ak ti sèkèy Pou si jou m ta rive