Jenn demwazèl k ap grandi Bèl Vizaj inosan Ti figi won Ti po byen pèch 1mèt 60 anviwon Anndan yon fanmi 4 pitit M kwè yo 3 fi yon gason Li menm ki anvan dènye Yo tout t abite sou Nazon Manman l te kòmèsan Au komansman yo te f on bèl envestisman Li vin difisil pil defisi Bagay yo vin on dwòl fason Men l kenbe kò l Li ret lekòl li patko jwenn dekourajman Anpil efò li fè filo Avèk siksè l kòm angajman Papa a te la Men l pa t kapab Problèm tansyon Li vin malad Li te chofè avan l t ap fayt Li vin santi Vi l pitwayab Lòt 2 pi gran yo kalkile Se peyi a pou yo kite Bò isit pa ofri gran choz Yo pral chèche yon lòt kote Annatandan yo fè paspò Youn t ap bay lòt ankourajman Yo tout te bezwen pati Al on kote jwenn soulajman Ti sè a trè detèmine Li anvi jwi e l gen talan Li konn chante e l se mannken li jis bezwen ankadreman Jou ap pase Tan ap redwi E manman an Stil ap redi Di pou fanmi an viv E papa vin trè megri Vin pa gen kòb yo frape pòt yo te bezwen papa geri Se jis apre yo vin konprann ti pa ti pa vil t ap peri Anpil doulè Lavi chè Pigran yo chwazi lòtbò fwontyè Yo kwè laba gen mwens mizè Yo di y ap viv nenpòt mannyè Ti sè a menm vin jwenn yon nèg Ki pafwa konn g on ti chèk Y ap ba l presyon pou l ret fidèl Yo di misye ka pot ti èd Sa w tande a nèg an konfyans Misye konpòte l an paran Li di li menm granmoun se rans Souvan mennaj la anba baton Podyab tidam nan anvi pran chans Kite misye koz s on pwazon Men l nan chomaj Vi li san sans E fò l lage pye l tout fason Li kòmanse vin rann li kont Aprè li fè nouvo rankont De twa zanmi k nan fakilte k gen fakilte pou fè l konprann Yo di l nèg sa yo se sanwont Si li pa tchwe w se ou k ap wont Apenn soti nan on lanfè Kounya l pa konn kisa pou l fè Mete sou sa li pè soti Li tankou moun ki annafè Pil refleksyon Depresyon Ensekirite kidnapin Sa gen kèk jou yo pr on fanmi l Yo menm vyole l nan gran ravin Pwoblèm sou pwoblèm Li vin g on blokaj nan sèvo Anba mizè soti avè l Al nan resto fè ti foto Di l anyen pa sot sou valè l Mande l repati a zewo Zanmi yo fè kontak labèl Pou fè l rantre nan estidyo Li kòmanse de 3 seyans Kounya l gen mizik kòm zouti Li pa fokis Gen twòp soufrans Li di yo non l p ap abouti Podyab li rive nan on kafou Avni l tou nwa l santi l ap fou Èks li tounen ap di l damou Fè l kwè l pa menm moun nan ditou An menm tan tou 2 twa ajans t ap kontakte l pou mànkina Ofri li opòtinite pou l fè ti kòb ak on kontra Li santi l pa ka konsantre ki vin lakòz li pa sou sa E nèg la menm ap jwe sou sa ofri l viza pou l al viv avè l