Tchiki tcha Ou Gen Pou Bezwen'm Se lè pa bon pala w'gen pou wè jan pa bon te bon Gad kilè seleksyon an vinn bezwen Manno Sanon Revoke'm nan travay la w'gen pou bezwen'm bak patron Se lè'w bezwen bon kompa w'ap wè Gabel la pi bon Pa pèdi tan'w chèche pandan pa'w la nan men'w Vye chodyè pa jete sa, menm lè nèf la devan'w Erè pa janm gen pi bon zanmi sou latè (ke regrè) Lè'w pran echèk w'ap mande kot si'm te konnen fè (pi dèyè) Sa Bondye ba'w se li'k pa'w, kenbe'l fò nan de bra'w Pa ret tann lavalas pote'l ale Se lè pa bon pala w'gen pou wè jan pa bon te bon Gad kilè seleksyon an vinn bezwen Manno Sanon Revoke'm nan travay la w'gen pou bezwen'm bak patron Se lè'w bezwen bon kompa w'ap wè Gabel la pi bon Epi Bobdoll yo pral di se fotochòp Poze'w, poze'w, poze'w (plat atè) Poze'w, poze'w, poze'w Lè manman'w pale'w (fò'w tande) Lè papa'w pale'w (fò'w koute) Pran konsèy (konsèy sa'w pa vle a, ou gen pou bezwen'l) Nan sex gen danje (atansyon) Fòk ou proteje'w (pa kapon) Met kapòt (kapòt sa'w pa vle a, ou gen pou bezwen'l) Fòk ou eduke (ou di non) Kijan'w pral fè kòb (pi devan) Fò'w al lekòl (lekòl sa'w pa vle a, ou gen pou bezwen'l) Poze'w, poze'w, poze'w Poze'w, poze'w, poze'w Nou t'ap viv ansanm (san pwoblèm) Yon bon jou'w kite'm (pou yon lòt) Ti cheri (renmen sa'w pa vle a, ou gen pou bezwen'l) Ou jwenn yon viza (ou pati) W'al chache lavi (Miami) Ayiti (peyi sa'w pa vle a, ou gen pou bezwen'l) Djazz la ap byen mate (tout kote) Kompa ap tonbe (ou danse) W'ap kritike (Gabel sa'w pa vle a, ou gen pou bezwen'l) Ou gen pou bezwen'm Ou gen pou bezwen'm Gabel Nation chante Ya bezwen'm, ya bezwen'm Se lè pa bon pa la, pou wè jan pa bon te bon Ya bezwen'm, ya bezwen'm Se lè pa bon pa la, pou wè jan pa bon te bon Ou gen pou bezwen'm Ou gen pou bezwen'm Ki moun ki pap gen bezwen'm (oh oh) Kò a patap mache si'l pate gen brain (oh oh) Pa chèche, si'w konnen'w pa bezwen jwenn Cheri'w malad, epi'w di'w pa bezwen grenn Pa panse m'pa bezwen'w s'iw wè'm poko fè'l avè'w Lè bagay yo rèd devan'm ma va fè apèl avè'w Fidèl kompa dirèk, gade la pè Gabel avè'w say (Amen Pastè Brain) Boston men neg kenbe yes la wi Ya bezwen'm, ya bezwen'm Se lè pa bon pa la, pou wè jan pa bon te bon Ya bezwen'm, ya bezwen'm Se lè pa bon pa la, pou wè jan pa bon te bon Wepa ti jenn jan