Mwen menm ki fin travay m rantre m tou fatige Mwen fin dezabiye m, m benyen pou m al manje Li g on nouvèl pou l ban mwen, ki pral tranble tout nanm mwen M di l cheri mwen sous a Li di m kè l ap rache si l pa di m sa kounya Lè mwen mande l pou kisa, li di m Cheri m pa ka fè pitit Mwen konnen s on ka kritik Lanmou mande sakrifis Men si w prale m pap fè selfish Sa fè lontan nou marye, san bebe fwaye n manke Kòm pouvwa lòm nan limite, m ap lage sa nan men Bondye Li tou dekontwole mind mwen, gad on move news li ban mwen Li fè m fret, li fè m cho Mwen mande l èske li serye paske m panse jwe l ap jwe Li gade m, epi l kriye Cheri m pa ka fè pitit Mwen konnen s on ka kritik Lanmou mande sakrifis Men si w prale m pap fè selfish Sa fè lontan nou marye, san bebe fwaye n manke Kòm pouvwa lòm nan limite n ap lage sa nan men Bondye (Please, listen carefully) Yeah Pachou Oh oh oh Si w paka manman, m pap kite w pou sa Si w paka manman, m pap jije w pou sa Si w paka manman, n ap priye sou sa Si w paka manman, m deja pap papa Baby listen, mete fanm sou ou, tande sa m pral di w Fè vi w nan kay la san w pa mande mommy pa fasil Lè fèt dè mè lakay vwazin nan g on repetisyon Bòn fèt manman, men m pa vle w panse l gen plis benediksyon (Pase w) Yo pap konprann yo pa nan pozysyon w Fò n chèche fòmil pwoblèm yo avan solisyon M te pran w pou lavi e m pa wè sak pral fè m ale a Maladi pap fè m bliye sèman m te fè jou m te marye a M te di yes nan vye moman m te di yes Lè sa pa bon m te di yes Nan kè kontan m te di yes Nan legliz lan m te di yes Lè m t ap bò w bag la m te di yes Just ka lamò m te di yes M ap kenbe yes mwen Gabel, yeah man M ap kenbe yes mwen Si w paka manman, m pap kite w pou sa (non mwen pap lage w) (Nan de pye w map rete) Si w paka manman (Se vre ou pa ka banm bebe) M pap jije w pou sa (Men lòt yo pa fanm pase w) Si w paka manman (Nou ka adopte) N ap priye sou sa (Ansanm n ap traverse) Si w paka manman (Lanmè wouj difikilte) M deja pap papa Babe Cheri m konnen ke nou pral dechire lè fèt manman lè fèt papa rive Si se pat ou li te ka mwen, e m konnen ou tap still kenbe men m Sa fè lontan m ap di w sa kounya, kite m montre w jan m renmen w Bon Dole Se Katalog ki bay love Cheri m pa ka fè pitit Mwen konnen s on ka kritik Lanmou mande sakrifis