Ki prekosyon w n on mond si w pa t konn Judas ak Christ e Caen ak Abel Si w wè m pran swen m pou m lave do m, se pou fas mwen ka bèl Menm si w wè m ta ale, èv yo ap ret kwoche P si gen apèl Bay ide yo pase mete m n on chenn m p ap gen pwoblèm avè l Ekstansyon bon pou tout sektè isit m pa wè sa Bak 1 bak 2 ala fen nou sou bak Ayiti n genlè pa wè sa Èv yo pou nou men mechan t al aprann detounen Kote yo bòy pami avèg yo san respè menm pou sa k aje Gen sa k ale ki sèmante yo p ap tounen Gen sa k rete malgre aktyalite lokal, lespri yo sakaje Pou m ekri yon rèv ak yon kreyon m aprann fidelite M sensè ak Kaye ti lign mwen m kontante m nan vide ide Bay chak moun n on pozisyon e chak pozisyon chaje moun Bèf la mouri nan pozisyon l si pou chanje l jou chaje moum M tonbe m leve ak yon lòt sousi nan konba Annou ransable tout vrè yo Man nou pa ka ret konsa Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti Nou goumenn kase kòd Nan pye n foure nan tèt nou Pou atake lide n ankò se nou ki frèt pou nou Ede m konte, lote, mete kèk sou kote Ede m chèche bote sa k anpeche n yo dwe fin tete Ede m konte sa ki vrè yo pou n f on sistèm Sa k sibi menm pwoblèm nan anba bòt yon sistèm Ede m konte kèk pawòl ki tonbe ò bit la Si n wè n pa byen isit, pa antere abit la M tèlman wè voksal m sou 30 lane enkyè M pa ka tann ankò, pou'm wè kote'm fèt la anpè Konte pwofesè yo, machann, konte tout ewo yo, Pou rasanbleman pi bèl, konte gra yo, konte zo yo Ede m konte maladi k kouche atè nan lopital Konte machann peyi yo, kidnapè, bandi k nan lari kè kal Jou tè a tèt anba frè m, sou syèl la n ap mache paske nou gen twòp kont pou n rann Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti Konbyen k ap mouri grangou Lidè konbyen k ap tann ou Konbyen k ap manifeste Konbyen lakay ki rete Konbyen otorite ki gen la anmrey èske ou ka ede mwen konte Konbyen dinyite lajan achte isi anmrey èske ou ka ede mwen konte Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti Ede m Ede m Ede m Adje Adje Ede m konte