Mizik pa fe revolisyon Li akonpanye revolisyon an Ou ka touye rebèl la men jamè rebelyon an Simen vyolans se gè w ap rekòlte Lè enjistis la flagran, powèt la dwe revòlte MC Mas la lèd, se sa ki koz kaye m sal Fraz yo tap mèg anpil pou m ta vin ekri m anvi pran bal Pandan mwen fè 30 an m ap ame tèt mwen Nan je m dewoulman sistèm yo te fè m t ap file bèk mwen Wè!! Pou prepare pou konba k gen pou fèt la Depi nan rasin y atake n fè n konn anpil defèt la men nou t la n t ap pran kou n t ap aprann Isit menm si w wè w sou machin ou mèt konsidere w sou beki Nou pa pwodui ankò n pa bezwen di n vann Konnya se plis disko, mwens yn bon lekòl se dwòg se plezi Lavi s on konba, se sa lidè m yo te aprann mwen Aprè Bondye nan syèl la m gad 2 sou kotem epi m defann mwen Se chen manje chen n ap viv, chak koukouj klere pou je w Li vin pi fasil pouw kanp on gwoup gang twòp jenn p ap bouje Si Ayiti w la diferan solèy la gen pou fè w reprann koulè w Kiyès w ap tann ki pou viktim pou w konprann doulè w Vwa yon nèg n on chanm ki t ap goumen pou l soti Yon ti koulèv anba wòch kote krab k ap panse pou l grandi Pwen anlè nou t ap batay pou n mach ak fyète n Menm lonbraj nou vin pa sanble n bat pou l pa kouri kite n Wè!! Si w pozitif kote w ye a kriye viktwa Ret kwè nan batay, menm si yo ka vin pran w n on vit nwa Bò isit se sa yo fè pi byen yo konn kiyès kap jwenn jistis depi nan ginen Pi devan w ap konprann ide a m apenn kòmanse Yo ame yn pakèt ti jenn lajan ap depanse Yo aji jan yo vle, pa gen atik, pa gen lwa Si w ta chèf pou ayisyen sèlman m garanti w sa pa pouvwa Kont ènmi deyò, kiyès ki la pou pwoteje n Kiyès ki la pou kanpe pou nou lè yo vin pete je n Yo kraze lekòl, menm yon lopital pa fèt Kòb pwojè peyi a boule e san l ap pran bal nan tèt Kounya menm bebe pa epanye l temèt te fèt kounya Trayi la, mouri la, nèg yo vin pi trèt kounya Verite a pale w jwenn ou pa ta dwe mande Tout ti krab fè legim isit neg yo mache tou bande Gè a posib ide sa soti anndan tout sa n sibi Sosyete a bezwen n, n enplike n pandan n ap tann Jezi vini Se pa bliye n bliye game nan te vire pou n vire tou Met gason sou ou pou w fonksyone avan kò w al nan twou Wè! , èske se mwen? Èske se ou? Èske se yo k fè pou m mache nan lari pòtoprens kounya fò m g on bon jile? Èske se byen pou m ap ekri m pa pale de yo Pandan yo kase kès peyi m yo promèt mò pou sa k opine? Jan w kanpe a se fason sa m ap wè w M pa nan imajinasyon si w nan sistèm nan konnen m gen avè w Reyèl, yon brav, yon anti pou sa kap bòykote PR ou pran pou chay ou met sou tèt ou saw pa ka pote Tretman ke y ap ban nou isit la endinye n Nou se moun, nou pa bèt, sitwayen fò n enplike n Verite a fèt pou l bay, merite a fèt pou l jwenn Kijan nou vle pou isit kanpe si n pa janm bay bebe yo brenn Dayè yo bati echèk ban nou rete pe Lanmò papa nasyon an te fè kwè bouch nou te tepe M bezwen lapè aprè gè a sèl fason n ka kontre M pa nan akouche sistèm sa m plis sou avòte Gè a posib Lontan sa si n sansib pou byennèt nou Yo atake avni n sèke yo chavire bonèt nou Gè a posib Si gang nan machin ofisyèl Si yo pete je mas la pou l viv k on zonbi ebyen l goute sèl Li posib Lontan sa si n sansib pou byennèt nou Yo atake avni n sèke yo chavire bonèt nou Gè a posib Si gang nan machin ofisyèl Si yo pete je mas la pou l viv k on zonbi ebyen l goute sèl M pa vin pale fransè Koz m pa t pase an frans yè Yo mete n toutouni 2 sèl mo nou rete viv ou mouri Ansanm M te di ede m konte s on fason pou m te chèche moun Sistèm sa bezw on anti si non n ap pèdi tout moun Peyi pa ret sa ankò, zepòl yo kase Jenn gason ake jenn fanm pa gen sa ankò lekòl yo kraze Li posib si jistis lajan w ki pou fè w wè l Si premye sitwayen yon peyi ap pale pèsòn pa ka kwè l Sa posib depi sou masak Lasalin nan Masak Gran Ravin, Kafoufèy sou bout tè Desalin nan Pou ti jenn pr on aleken l ap adisyone grenn dola patnè Li posib pou w fè prizon isit menm pou sa w pa fè Absans leta peyi m nan tout karyè lavi m E sa m ap gade sou bisantnè a la se sa m konn wè nan fim Li posib, pandan m kont yon pakèt ò lalwa W gonfle tankou èni ou ta touye m Bondye pa bay pouvwa sa Èske se mwen? Eske se ou? Eske se yo k fè pou m mache nan lari pòtoprens kounya fòm g on bon jile? Malfra k ap f lalwa lavi vin 100 fwa pi anmè E san fwa ni lwa yo fè jenerasyon m nan pran lanmè Ti sonson vòlè kabrit, koripsyon sa alamòd E pou kat elektoral menm ti nèg menm anba kòd Yo fè rès teritwa a sibi pou yon ti ponyen moun Nan chanm nan menm mè rive akouche tèlman yo manyen moun Gè a posib Lontan sa si n sansib pou byennèt nou Yo atake avni n sèke yo chavire bonèt nou Gè a posib Si gang nan machin ofisyèl Si yo pete je mas la pou l viv k on zonbi ebyen l goute sèl Èske se mwen? Èske se ou? Èske se yo k f pou m mache nan lari Pòtoprens kounya fò m g on bon jile? Èske se byen pou m ap ekri m pa pale de yo pandan yo kase kès peyi m yo promèt mò pou sa k opine?