Hgrr Hgrr Yèè! MCM Double MC, Powèt Revòlte Yèèr M p ap kanpe menm si m ta twouve m n on enpas Menm si m ta jwenn mwens espas M ap toujou fè 2 pas E m ap toujou priye koz gras la pa janm ase M ap brase brase tan mwen avan m trepase Pou m pike devan m g on egzanp, pase m deja repase Prezan m ap pase, pwen darive tèt mw deja plase Obstak yo la, m ap kale jem pou m veye 4 kwen Depi m konprann ki mele m sou 10 m fè 4 pwen Fo ou pa m ap rive menm si m ta gen 2 pye poupe M ap rive tèt kè m pozitif menm si l ta 2 pye koupe Pandan m sou lign mwen m ap veye 2 sou kote m M ap veye sa k pa bwè k kotem e fò m veye sa k sou kote mwen M anba syèl la depi m fèt m pa konnen m g on nouvote mwen Si se pou voksal yo mèt koupe 10 dwèt yo pa vote mwen Toupatou sou la tè Dieu ak prensip m apiye M pa posede machin m pa twò deranje sim a pye Yon sèvolan nan nyaj la pa t fèt tou anlè Yon kout volan ak san pou san pa ka fè w evit on malè M ap gad devan m menm wè dèyè m M jis sou tè espwa m sou tèt mwen Genyen m pou nou men zafè mwen sèl pou pèt mwen Si m pa ka mete tèt m ap pito koud 2 zòrèy sou epòl mwen Epi kè m ak je m sou prensip pasyon ake tout lekòl mwen Dèfwa m konn santi m anvi dekouraje tou Pou succès m pa trouve nan vil e m fè 2 kou raje tou M fèmen je m pou m gade dèyè M wè tout chimen mwen gentan fè Nuit blanch yo pote koulè Sakrifis yo peye nan kè m, santi mwen prèske rive Nuit blanch yo pote koulè Soufrans ak delivrans kanpe menm kote n prèske rive Depi n komanse wè pwoblèm yo konnen n prèske rive Menm si n ap mach ak dlo nan zye nou dèfwa n prèske rive Pandan vi sa vle fè n chanje pye n wout nou prèske rive Menm si tèt mw ta koupe nan lavi konn chapo m ap ret la Aprè Bondye nan syèl manman m nasyon m m pa pou anwo m pa pou anba Yo mèt kraze matyè espri m ap ret pou God la M ap ret konfyan jodi demen m konnen m ap kase kòd la M renmen ret pozitif ak tèt mw jouk rive nan kè m M ap rete fèm sou pakou m pou tan m tounen nan tèm M sòti n on pwen m prale n on lòt m pa la pou m fè moun pè m M prèske rive wout la long men m ap pwofite lè m Bòt mwen byen lase pandan m ap bade n on salte Figi m plen takte menm jan wout la chaje mak pye m M prèske rive pentire ak koulè viktwa Si m te plante mayi l ap leve mayi li p ap leve pwa Tafa M fèmen je m pou m gade dèyè M wè tout chimen mwen gentan fè Nuit blanch yo pote koulè Sakrifis yo peye nan kè m, santi mwen prèske rive Nuit blanch yo pote koulè M fèmen je m pou gade dèyè M wè tout chimen mwen gentan fè Nuit blanch blanch blanch yo pote koulè Sakrifis yo peye nan kè m, m santi m prèske rive Nuit blanch yo pote koulè