Mmm!! Mmmm!! Wè!! Kole tèt se pi gwo fòs MCM Double MC M te di gè a posib gen sa k t jije m bosal Sa k pa wè kote yo rive avè l sa k ap bwè dlo sal M ofri n yon lòt pla Cho M pa vin pou klach yo M swete yo kole tèt yo si yo vle chanje klas yo Mouche leta tèt grenn yo prèske fin kreve Al jere fwontyè w avan w ban m mas pou m mete Si sou tèt nou lib nou pa bezwen plante E met baryè lakay nou si n vle yo frape pou y antre Menm si nèg lakay pa jwe, menm si kay la ante Menm si w this, menm si w that depi w sou dlo w ka neye Je pa fè travay nen fè, epòl pa fè sa ren fè N ap bezwen òganize n kanmenm pye paka fè sa men fè Kenbe sijè sa k on bout twal pou lè n swe Chenn nan gen pou sot nan tèt nou se lè n vle Konba n vin pi difisil se lè n pre Si ka grav la soulaje l ap mouri se lè m pe Pa boude si se pa simagri n m apiye Se pa pou 2 moun ki fè m vin isit a pye Misyon m se ini n separe respè k on piman Si m pa ta la pitanm sou wout na fè l konpliman M mande fòs tankou Samson Rrap! Pou Sam s on anraje, deja man m te pouse m nan raje Sa k pa avè m, nou kont anbake Pa ret gad anba je n pa ka nil n on wayo m dan pouri Jenès ap kriy an gete E n blayi tout 32 dan pou ri Se sa k plis fèm anbete n Dwe g on rèv e menm fè grèv Si yo vle bloke n, pa bliye tou, pwochte bèl èv Si timoun kopye n, Nou fè twòp tan pèsonèl, an nou vanse ansanm Kòd la nou chak s on ne ladan, san n te vèse ansanm Nou p ap kanpe ann kontinye sa n kòmanse an sann Nou se ti nèg nwè tèt grenn dan blan k sot nan san n Menm lè pa nan tout bouch te gou, fòk tout kouch goute