Eske'n pa wè nou malad Yo met peyi'n an otaj Pou valè mizè nou pase Men'n toujou kenbe Jou nou deside Nap kapab Toujou sonje kote'w soti pou w ka knen kote'w prale Fè plan pou w konn kijan w pral mache zanmim san w poko rale Moun kap di lakay ou sal se moun kay pal poko ale Aprann konn lavi ka bòw gòl men di tèt ou'l poko kale Ou wè mwen menm? Move lavi enstwi'm E m'aprann jwe sou chak snare chak ki kick pou m fè instru'm (I swear to God) M'sonje epòk sosyete m te vle exclu'm Men y'aprann padone'm fè'm vin youn nan rappeur'k pi mainstream Mwen di fòs detèminasyon avek kouraj ou Mwen di fòs met bon enèji nan antouraj ou Konnen tout jou pa dimanch farine nan pap nan menm sak jou Epi fòs w'ap bezwen pou w batay la pap depann de laj ou Ayiti tounen on peyi de merde tout bagay se bras li ye Jenès la menm vasiye, lavi moun fin gaspiye Nou pa janm rive reyalize men lespri'n sature Lekol pa kanpe sou anyen avni moun pa asire Eske'n pa wè nou malad Yo met peyi'n an otaj Pou valè mizè nou pase Men'n toujou kenbe Jou nou deside Nap kapab Nou se jèn ki devèn Rèv nou limen nou etenn Pede fè'n touye frè'n Bouke fè'n lèd sou pwòp tè'n Lavi chè koripsyon kounya se yo'k sijè'n Nèg ya'p boule lopital pandan peyi'n nan oxygène Sak ta di Ayiti ta vin anba debòch Nn wat debi deba de blo, tout baay peyi'm dwat e ki goch Dwa nou youn pa egal ego chofè peyi'n ap kraze klòch Yo pap bann kouran nou dichaj pandan neg yo ap chaje pòch P'on jèn tifi jwenn on travay fò'l sous'on kòk Yo aprann nou vin eogyis pou n jwenn on plas fò'n pous'on lòt Yo di'n gen pòt pou nou tout soti poutan'l lock M travay poul gen Lamborghini m pat oblije al soude on pòt Mwen di fòs detèminasyon avek kouraj ou Mwen di fòs met bon enèji nan antouraj ou Konnen tout jou pa dimanch farine nan pap nan menm sak jou Epi fòs w'ap bezwen pou w batay la pap depann de laj ou Eske'n pa wè nou malad Yo met peyi'n an otaj Pou valè mizè nou pase Men'n toujou kenbe Jou nou deside Nap kapab Eske'n pa wè nou malad Yo met peyi'n an otaj Pou valè mizè nou pase Men'n toujou kenbe Jou nou deside Nap kapab