Gad kijan on moun anlè, mesye Bon sak gen la kè w gentan tout kontan sa Tèt chaje M awoyo Voye chèche lajwa la pè di yo m bezwen yo M awoyo Mwen mete de bèl chanm sou do kay la pou yo M awoyo Mwen met ogèy ak ego sou bèl anbago M awoyo Di yo m chanje lavi mwen kite m anrepo Padone mwen si w pa tande m Mwen te fè twòp tan ap viv yon vi ki pa vle m Pwoblèm mwen yo fè m neglije w Doulè mwen yo te twò wo pou mwen eksplike w Sorry se pa valè m pa konprann valè w Men pou mwen ka byen M oblije travay sou mwen Lanmou Daprè sa mwen byen konprann se pi bèl nou genyen nan nou Men trè souvan l kache dèyè mal ki la yo tou Sa fè l difisil pou kè yon moun nan priyorite w Lè pa w la pa la M awoyo Voye chèche lajwa la pè di yo m bezwen yo M awoyo Mwen mete de bèl chanm sou do kay la pou yo M awoyo Mwen met ogèy ak ego sou bèl anbago M awoyo Di yo m chanje lavi mwen kite m anrepo M awoyo M awoyo M awoyo M awoyo M awoyo M awoyo M awoyo Si w pa ta la, si w pa ta la adje Bondye m ap respekte chwa ou Moun sa w ban m la, moun sa w ban m la sa vre M ape pran swen l pou ou Jou n pa ta la, jou n pa ta la sa vle Di lanmò fè n on move kou Kounya nou la ban m pwofite gate w (M awoyo) Pa menm gen deba Sou kijan w jwenn mwen en très mauvais état Ou wè nan fon kè m te gen bon ou tou ret la Malgre m te n on twou ou kenbe men mwen, men mwen Ou rale mwen monte Nou goumen nou sove pita Ann soti a pitit nou an nou selebre sa Mwen fin awoyo mèsi pou sa Si w pa ta la, si w pa ta la adje (M awoyo) Cheri, men de twa mil mèsi E sa pa menm sifi Pou sa ou fè nan vi m Wo cheri, men de twa mil mèsi E sa pa menm sifi Pou sa ou fè nan vi m (M awoyo)