W ap pran pòz thug ou Se pa lanmou sa l te vize Se pa konsa l te vle viv avè w Ou pran plezi fè kè l brize Kòmsi pou ou, l pat gen okenn valè Nan je l, de ran dlo ap glise Lè l ap soufri ou fè kòmsi w pa wè Ou di w pa nui si l ta kite w Paske, pou ou, l te mèt disparèt Fanm sa te vle w pou lavi Li fè w konfyans, ou trayi l Ou di w vle fanm sa sèlman pou w ka trip avè l Pandan l te pran w pou mari l Si w pa renmen l, ou mèt pote l ban mwen Ou mèt pote l ban mwen Piti, pot afè m ban mwen Ou mèt pote l ban mwen M ap chèch'on bon ti grenn gen lontan sa Si l pa bon nan je w, kite li konsa Pote l ban mwen Piti, pote l ban mwen Paske l pa janm pale, ou pran l pou egare L ap ede w monte, men w pa janm vire gade l Li fe tout sa w mande l, men w pa t janm te vle gate l Jis mete l klè, si w pa vle l, di w pa vle l W ap pran pòz thug ou 'Thug' pa konn damou M konnen w pral di nan kisa sa regade m Men m ap pete boutèy, lejou n ta separe Li te vle w pou lavi Li fe w konfyans, ou trayi l Ou di w vle fanm sa sèlman pou w ka trip avè l Pandan l te pran w pou mari Si w pa renmen l, ou mèt pote l ban mwen Ou mèt pote l ban mwen Piti, pot afè m ban mwen Ou mèt pote l ban mwen M ap chèch'on bon ti grenn, gen lontan sa Si l pa bon nan je w, kite li konsa Pote l ban mwen Piti, pote l ban mwen Pote l pou Baky (pote l la, pote l la) Pote l pou Medjy (pote l la, pote l la) Pote l la, fanmi (pote l la, pote l la) N ap jere l pou ou, n ap jere l pou ou Pote l la, zanmi (pote l la, pote l la) Pote l la, fanmi (pote l la, pote l la) Potel la, mwen di w (pote l la, pote l la) N ap jere l pou ou, nvap jerevl pou ou W ap pran pòz thug ou Fè a, a W ap pran pòz thug ou Fè a, a W ap pran pòz thug ou Fè a, a Pote l ban mwen Si w pa kapab ankò, mesi Pote l ban mwen Pote l ban mwen Ou mèt lage l la, tonton Pote l ban mwen Si w pa renmen l, ou mèt pote l ban mwen Pote l ban mwen Piti, pot afè m ban mwen Pote l ban mwen