Hey Fò m ale m pa wè solèy ankò Tout fle yo fane Yon ti soufle yo tonbe san fè efò W di w se limyè mwen Poutan m pa wè devan m ankò M mande èske se mwen Paske tout sa nou fè nou pa janm dakò Si w renmen mwen jan m renmen ou Pouki lè m avè w mwen santi mwen vle fou Sa fè m reyalize Fò m ale Fò m ale Fò m ale Si m ret avè w ou ka detwi lavi m Fò m ale Fò m ale Fò m ale Mwen menm avè w nou pa gen avni Cheri m fatige, mwen bouke fè efò Jwèt la gate M santi batman kè m pou ou pa menm jan ankò Donk sa deranje mwen Paske nou pa sou menm akò Men m si mwen konnen Kontra mwen te gen avè w Se jisk a lamò Si w renmen mwen jan m renmen ou Pouki lè m avè w mwen santi mwen vle fou Sa fè m reyalize Fò m ale Fò m ale Fò m ale Si m ret avè w ou ka detwi lavi m Fò m ale Fò m ale Fò m ale Mwen menm avè w nou pa gen avni Tout bèl pwomès nou fè Tout bèl moman n pase Jodya n ap soufri Lanmou sa a pa ka fonksyone Tout sa nou eseye Anyen pa janm chanje Sa pa kap mache Pa anmède m Pa anmède m Kite m vayb Oh oh, heyo heyo Cheri l pa bon pou mwen Si m ret avè w cheri l ka pa bon pou mwen Cheri l pa bon pou mwen Si m ret avè w baby l ka pa bon pou mwen W konnen m vle tout sa ki bon pou ou W konnen m pap janm mande mal pou ou Pito m ale M eseye fè tout bagay pou ou Men m wè se manti n ap bay tèt nou Pito m ale Cheri l pa bon pou mwen Si m ret avè w cheri l ka pa bon pou mwen Cheri l pa bon pou mwen Si m ret avè w baby l ka pa bon pou mwen Nou nan lari La pa la m ankò Cheri mwen fò m ale, fò m ale Fò m ale Fò m ale Fò m ale Si m ret avè w ou ka detwi lavi m Fò m ale Fò m ale Fò m ale Mwen menm avè w nou pa gen avni