Ayiti se bèl lanmè se bèl montay ak bèl rivyè Se bèl plaj ak pye kokoye bèl peyizaj ak bèl koulè Ayiti se sant kafe kap monte nan nen m’ le maten Se sant lawouze ki fèk poze pou flè dizè ka boujonnen Ayiti se Basen Ble Kaskad Pichon avèk Sodo Se Akaden La Sitadèl se Labadi ak Marigo Ayiti se Lavale se Pòsali ak Zabriko Se Mòn Lasèl Pik Makaya se Mamlad ak Mòn Pilbowo Ayiti se yon dous makòs se yon ponyen pistach griye S’on ji kole ki pou banm fòs s’on boutèy kola ki byen glase Ayiti s’on bon griyo s’on bon fritay on bon taso S’on bon legim avèk sirik s’on bon diri avek lalo Ayiti s’on bon bouyon s’on soup joumou a tout piman S’on bon kasav avèk manba Ke ou tranpe nan akasan Ayiti s’on bon donmbwèy kap marinen nan yon bon sòs pwa S’on bwakochon on bon kleren Ayiti s’on bon kafe diswa Ayiti cheri pou jan mwen renmen w Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w Ayiti cheri pou jan m’adore w Pa gen anyen kap janm fè mwen kite w Ayiti cheri pou jan mwen renmen w Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w Ayiti cheri pou jan m’adore w Pa gen anyen kap janm fè mwen kite w Ayiti s’on bèl mizik se yon bann a pye s’on twoubadou S’on son kata seremoni, se yon son kwachi yon son tanbou Ayiti se tè Ogou, se tè zansèt kite pou nou Se la lesklavaj t’aboli se yon tè libète ak vodou Ayiti se festival se tisourit se fèt chanpèt S’animasyon nan Kanaval se yon ti zile k’ pa janm frèt Ayiti s’on domino se yon bezig se yon twasèt S’on reveyon kote ki gen bouyon se la k’ gen kenbe tèt Ayiti se yon konbit peyizan kap sèkle latè Se ti machann yo kap desann Pou y’al goumen ak lavi chè Ayiti se timoun yo k’ap reve de yon bèl avni Se dlo rigòl la kap desann pa konn kote l pra-l ateri Ayiti se anba tant lan depi apre 12 janvye Se labou k’ lev’ on move sant chak lè on ti lapli fin tonbe Ayiti se sou beton’an pou konn “la vrai” reyalite Se youn ki tris men grasadye se pa li sèlman n’ ka chante Ayiti cheri pou jan mwen renmen w Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w Ayiti cheri pou jan m'adore w Pa gen anyen kap janm fè mwen kite w Ayiti cheri pou jan mwen renmen w Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w Ayiti cheri pou jan m'adore w Pa gen anyen kap janm fè mwen kite w Ayiti se yon manman ki konn sa yo rele doulè On fanm ki djanm on fanm vanyan menm si l’konnen li pa pafè Ayiti se yon bèl fanm ki menmsi l pase anpil mizè Li toujou f’on jan l ranje kò l pou tout pitit li toujou fyè Ayiti se tout bagay sa a yo ki fè ke nou renmen w E menm si wout la long konnen n’ap toujou la pou n kenbe men w Ayiti cheri w mèt kwè m Pa gen anyen k’ap fè m’kite-w Map toujou la pou ou cheri Kite mizik sa a dòlote-w