Mwen wè dyaman se lè zye ou klere Mwen satim fyè se lè ou souri ban mwen Cheri wout kè mwen se pou ou Ou mèt fè de li tout sa ou vle Depi ou pa detwi lespwa poum posedew Yo toujou di ròch nan dlo Pa konn doulè ròch nan solèy Pa gen pèson au mond ki kapab di w Kijan m renmen w Ou m vle la, ou k tout vim, ou k lespwa, o Pa meprize mwen Banm yon ti plas nan kèw Mwen konnen ou renmenm Depiw kapab kotem Lè ou pa wèm ou chache mwen Fè ou padone mwen Si ou ta wèm pa pale Pou m di w tout sa k nan kèm Se paske m trò renmenw Lè m pa wèw mwen twouble Mwen pwal la priye Map trase vèvè Map monte anwo Pou m al jete dlo Wi m konnen nan tout sa wap fè ki bon fòk ou fè sakrifis Cheri mwen prè pou m sakrifie tout vim pou ou, o Mwen pwal la priye Map trase vèvè Map monte anwo Pou m al jete dlo Yè swa pandan m kouche mwen reve w Mwen wè se ouk parèt ou bobo m M di kèlke jan sa ye fòm genyen w Pito m monte anwo al mare w E se sa l ye Ayizan wo anye ayizan, ayizan fòk mwen ka gen fanm sa Ayizan wo anye ayizan, woy men se li mwen vle Ayizan wo anye ayizan, li pran tout vim li pran tout fòs mwen li zonbifye m Ayizan wo anye ayizan, men poukisa men poukisa m damou l konsa mezanmi mwe