Ou genlè panse w ap viv pou tout tan Avan w bat je w, w ap mache sou baton Si w ap kraze, divize pou renye Yon pèp inosan ki de bra pandye Sonje gen yon je k ap gade w O ou o ou o Ki sa w ap fè pou jijman dènye Ou, o, ou, o Men bagay la Ou, o, ou, o Sa se reyalite m tap pale w la Fòk ou koute, fòk ou reflechi, Fòk ou obzève sa Ou, o, ou, o Men bagay la Ou o ou o Sa se verite m tap pale w la Sa listwa ekri pap janm efase Lè zèv ou pi wo, ou gen plis chans pou hero Pa viv an solo ni bay kou nan do Nou tout ki la a g on misyon pou n ranpli Fò w fè l pou listwa pa jije w Ou, o, ou, o Se sa lavi a Lè w konn istwa w, sa ka ede w konnen kiyès ou ye E ki kote w sòti Ki devwa w anvè peyi w Yon erè yon sèl moun ka koz yon milyon lòt soufri Wo o, yeah Ki djazz sa a? Sa se Mizik Mizik Eske nou mande? Kisa nou panse listwa va di de nou? Eske nou mande? Kisa nou panse listwa va di? O si nou chita n ape kraze peyi nou Listwa va jije n Si nou chita n ape preche divizyon Listwa va jije n Si nou chita nou pa chèche fraternite Listwa va jije n Mwen di kisa n mande Kisa n panse listwa va di de nou demen Eske nou mande? Kisa nou panse listwa va di de nou? Eske nou mande? Kisa nou panse listwa va di? Pa pale Pa pale Pa pale Pa pale Pa pale Pinga w pale nan zafè moun Mwen di Thomas Madiou Roger Gaillard Pinga n pale souple Pa pale Pa pale Pa pale Pa pale Pa pale Pinga w pale nan zafè moun yo Wo o O pinga n pale, Pinga pale Menm si w wè y ap kraze, Pinga pale Menm si w wè y ap piye, Pinga pale Pase peyi n anba pye, Pinga pale Pran nou tout ak kout pye Pa pale Pa pale Pa pale Pa pale Pa pale Pinga w pale nan zafè moun yo Jean Claude Dorsainville, pinga w pale Si ou pale, y a di w pale twòp Pa pale Pa pale Pa pale Pa pale Pa pale Pinga w pale nan zafè moun yo Wo o Ebyen y a fè sa yo vle Le konpa Ou jwenn O, o, o, o, o Ha, ha, ha ha woy Men moun yo Daniel Fils-Aimé, ou jwenn Pa pale Pa pale Pa pale Pa pale Pa pale Pa pale Pinga w pale nan zafè moun yo Wo o Pinga pale Menm si w wè y ap kraze, Pinga pale Menm si w wè y ap piye, Pinga pale Pase peyi n anba pye, Pinga pale Pran nou tout ak kout pye Eske nou mande? Kisa nou panse listwa va di de nou? Eske nou mande? Kisa nou panse listwa va di?