Eske nou kapab pale, kou 2 moun te ka pale San ke ni mwen ni ou pa pè tonbe Lè kagoul la pa maske ou, revolvè a pa nan men ou Si w pa wè ni mwen ni ou sanble? Lè gran bòs la kòmande moun pou al egzekite Eske bon lanj ou pa tranble? Wape snife malpwopte pou fòse realite San ou pa sonje demen se yon frè w ki ka tonbe Si pèson pa janm pale paske yo pè di verite Yo panse ou ka kraze, brize Si pèson pa janm pale paske yo pè di verite Ou du mwens yo toleran Wap fete ak zanmi ou ranson fin separe kou an realize Fanmi viktim ap kryie, tout moun se dlo nan je La vi gen yon pri ke pèson sou la tè pap jan ka fin peye Ou kon kouri, ou pa kon kache, wi devan bondye Si pèson pa janm pale paske yo pè di verite Si pèson pa janm pale paske yo pè di verite Li lè li tan pou ou panse Ke nan la vi sa tou sa ou fè se li men ke ou wè Lè ou fin touye fò ou prepare ou pou ou krye œse la loi de la nature zanmi, hahaha Kote ou banm kou a fèm mal, ou kraze zanmi mwen Kote ou banm kou a fèm mal, ou detwi manman mwen Kote ou banm kou a fèm mal, ou fan fwa papa mwen Kote ou banm kou a fèm mal Nan chak fanmi gen yon poto mitan Depi ou frape l se kay la ou vide Se avni peyi a ou likide Eske ou ka responsab yon zak konsa Kote ou banm kou a fèm mal, nou van tout sa n genyen Kote ou banm kou a fèm mal, tout fanmi m yo vin pòv Kote ou banm kou a fèm mal, menm timoun pa epanye Kote ou banm kou a fèm mal Sa ta fè m mal si m wè ou tonbe Sa ou seme se li ou rekolte Si ou pa tande m, si ou pa koute m, an verite Mwen wè se sak ka rive Sa ta fè m mal si m wè ou tonbe Sa ou seme se li ou rekolte Si ou pa tande m, si ou pa koute m, an verite Mwen wè se sak ka rive Yo pwal di m te wè sa pou ou Mwen pap kite kou sa pou ou Yo pwal di m te wè sa pou ou Mwen pap kite kou sa pou ou