Si map konsidere bote ou anpil fanm pa rive na pye ou An verite ou se yon zanj nan syèl Si map jije ou sou karès, depi ou manyem mwen an detrès Li difisil, cheri, pou m kontrole Mè si lanmou te selman bote avek karès Mwen tap moun ki tap pi konble ki genyen sou la tè Pou mwen, cheri, pa gen lanmou si pa gen santiman Map mande ou pou ou louvri kè ou pou lamou ka antre Paradi nan lanfè, lè m deyò kè m ap sote, cheri Paradi nan lanfè, men san ou li difisil pou m viv Paradi nan lanfè, lè m nan kay la se sou galta m domi Paradi nan lanfètel bagay fèt tèl jan, cheri Tout pale mwen pale, tout babye mwen babye Lè m gade mwen wè, mwen chèche mwen jwenn ou Se la ou ye Se la ou ye Paradi nan lanfè, lè m deyò kè m ap sote, cheri Paradi nan lanfè, lè m anndan se sou galta m domi Paradi nan lanfè, lè map manje m pèdi apeti m Paradi nan lanfè Se sa papa se sa, se sa papa se sa, se sa papa se sa Avè ou, cheri, se yon gwo mizè San ou doudou se yon gwo traka San ou doudou se yon gwo traka Wohoho Ou pa ta fè m sa, ou krezi m konsa, cheri Ou pa ta fè m sa, tout la sent jounen map panse, m envi fè lanmou Ou pa ta fè m sa, ou krezi m konsa, cheri Ou pa ta fè m sa, tout la sent jounen mwen di Mwen vle ou, mwen vle ou, mwen vle ou, cheri, mwen vle ou Mwen vle ou, mwen vle ou, mwen vle ou, cheri, mwen vle ou Mwen vle ou, mwen vle ou, mwen vle ou, cheri, mwen vle ou