Si lavi ap dekouraje w, sa pou n fè Bagay yo vin du pou ou, sa pou n fè Lafanmi dekouraje, sa pou n fè Lakay pa gen lamanjay, sa pou n fè Ah gen de bagay ki soti pou l dekouraje w Yon pè de famiy leve maten l pa gen travay Sa pou l fè, lakay pa gen lamanjay o Mezanmi ah madanm pitit leve chak jou pou bay manje 4hr du matin w leve w pa gen dòmi nan je Sa pou fè, lamizè janbe limit Lapli pa tonbe, jaden pa pouse Mayi pa leve, menm pitimi pa donnen Menm lè lapli tonbe jaden pa janm pouse Tout bon tè k nan mòn yo glise tonbe nan lanmè Ah gen de bagay ki soti pou l dekouraje w Yo pè de famiy leve maten l pa gen travay Sa pou l fè, lakay pa gen lamanjay o Tande sa, ay madanm pitit leve chak jou pou bay manje Lè l 4hr du matin w leve w pa gen dòmi nan je Sa pou fè, lamizè janbe limit Sa k dekouraje di sa pap janm chanje Yo prese pran lanmè pou yon demen meyè Ou koz fwaye kraze, fanmi deraye Bagay yo dejenere, mezanmi sa pou n fè wo M'santi s'on plat diri m'ap manje pa bak Ti mayi moulen m nan, vide sòs pwa sou li Woy woy Simbi nan dlo kote ou ye? Banm fòs poum naje Woy woy Jigoro Kano kote ou ye? Vin mare senti mwen Woy woy Sen Michel Akanj kote ou ye? Banm zèl pou m vole Woy woy Papa bondye kote ou ye? Men Toto, men Toto Men gwo Toto Mizik Mizik Woy woy Konbyen babilòn ki genyen nan polis la Konbyen j'approuve ki genyen nan lachanm la Ki valè kleren ki rete nan boutèy la Konbyen dayiva ki genyen sou bòdmè a Lanmè a fon e mwen paka naje Chaje reken mwen pa kwè m'ap sove Konbyen babilòn ki genyen nan polis la Konbyen j'approuve ki genyen nan lachanm la Ki valè kleren ki rete nan boutèy la Ki valè moun fou k ap dirije lazil la? Sa pou n fè Sa pou n fè Sa pou n fè Sa pou n fè Woy woy