Ki sa pou m di w pou m fèw konprann Ke lavi a pa si fasil Fè yon chita pou ou ka wè klè Kotew vle ale Fow desidew sou saw pwal fè Ou jwe tout viw sou fanm si la Ou bliye tou sa papaw manmanw te pale Fè yon ti chita pou m eksplikew San fè nan vi sa se li ou wè Tanpri frè m reflechi byen pou pa pèdi Vi ou Webè fè atansyon a fanm sila Webè ti pwason pa swiv gwo kouran Fanm sa monche Se li kap detwi laviw Wa koute zanmiw Si ou ta vle sove laviw Ou deside w ale, ou pran fanm sa pou vi ou San ou pa bezwen konnen Ki malè ka rivew Vire do w bay manmanw, vire do w bay fanmi w Ou kwe se ou k granmoun se ou k deside