Èske se lò pou m te ba w Paske tout sa m fè pat janm ase M sonje lè m te nan bra w Ou te fè m kwè w pa tap janm ale Malgre tout vis nou ou te pwomèt mwen n tap fin vi nou ansanm Malgre tout diskou ou jwenn on jan kanmenm pou w fè demitou M te toujou kwè ke n te ka g on chans Pou lanmou sa je fèmen m te fè w konfyans Mèsi pou bèl moman n viv a de M ap di w mèsi, mèsi Men sèl sa m konnen Avec le temps ou gen pou w sonje mwen Avec le temps ou gen pou w mande pou mwen Avec le temps ou pral vle pou m retounen Avec le temps le temps ou pral di si w te konnen Fanmi zanmi ou di m ke w pa happy Pandan w ap pran pòz wap byen pase Pandan m konnen pa gen lòt moun Kap janm renmen w pi plis pase m Ou chwazi yon vi superficielle nan plas yon lanmou eternal Men nan pwen nou ye la sa byen tris pou m sonje g on lè M te toujou kwè ke n te ka g on chans Pou lanmou sa je fèmen m te fè w konfyans Mèsi pou bèl moman n viv a de M ap di w mèsi, mèsi Men sèl sa m konnen Avec le temps ou gen pou w sonje mwen Avec le temps ou gen pou w mande pou mwen Avec le temps ou pral vle pou m retounen Avec le temps le temps ou pral di si w te konnen Ou mèt rele m nan telefòn (ou pap jwenn mwen) Ou mèt plede voye DM (ou pap jwenn mwen) Whatsapp, Facebook (ou pap jwenn mwen) Cheri ou wè la ou poukòw nèt M te pale yo I'm back in the game for real Paska Nan ka sa m reziye m Kite sa Menm si kè m ta vle m pap tounen dèyè (mwen kite sa) Nan moman m poze pa okipe w pou mwen non (kite sa) I'm over you, over you Mwen fini pa aprann mete tèt mwen an premye I'm over you, over you Jounen jodya m pi janm pou moun k ap vini aprè w la Ou mèt rele m nan telefòn (ou pap jwenn mwen) Ou mèt plede voye DM (ou pap jwenn mwen) Snapchat, e-mail (ou pap jwenn mwen) Jan m te di w la ou poukòw nèt [?] Avec le temps ou gen pou w sonje mwen Avec le temps le temps ou pral di si w te konnen