Lèzòm pa janm satisfè M'jwenn youn fow banm 2, m jwenn 2 m mande 3 (Its the p to the i to the c nigga) Kou'm jwenn 3 m ka mande 4 (Yo hype) M'pap janm jwenn ase Ou fè figiw fennen lew wè genyenk bwe dlo ke ou pat vle Benyen Ou plenyen lew wè genyen ki dread chevew pat vle penyen Ou jalou paske yon lot damou fanm ou pat vle renmen Ou gen kè nan men pou ponyet yo koupe sanw pat menm bal Lanmen Egalize pap plenyen si match fini sanl pa mennen Sil féw mal pa diw pa santil pou yo pa tou diw pa gen nen Pap ede mwen e de mwen yap di tout bagay M pa fè babay bay yon mancho poum pa nan cho sim oze dil Ann wè 2men Si nan menm li jwenn lebra, poum al devanl ka banm kout pye Koum ap mande poum kwadripèd pap epolem lèm gonw bout pye Lèm bon bouke, ok'm poze menm pa pwofite fè pares Dèfwaw gonw bel manje sanw pat konn sil t fèt a res An fèt kares fow sede, atachman fòw obsede Lèw posede yo baw respè san konn kijanw te posede Se sou CD generasyon'm nan moutrel gen tèt ni sèvo Men domaj yon fils inik pa janm konn sa ni frè ni sè vo Lòm sonw èt ki ensasyab e menm sa'n mande pa ase Ekri lyrics anbarase pou tèt mwen debarase M fek sou 16 ba ou gentan fem konnen 32 pa ase Ou pral mandem fè video lew twouve tande'm pa ase E se kounyaw sou fe prese, kisaw tap fe depitan Gentan anvi profesionel eskew kite stad debitan Toujou vle sou teren eskew kwew ka jwe de mitan Li evidan pou moun kotew men eskew santiw pa rebitan Epoutan sepa toutan lew jwenn tou pouw mande pwèl Bondye fè jew poko femen olyew priyew mande pou wel Ou toujou bay bon konsey men'w souvan swiv fo lide Ou santiw jwenn yon bon grenn nigga poukiw gen foli 2 Fow bite sou ensasyabilite, gen pwobabilite pou li te sa'k Motivew Pouw lite e milite pou imilite men limite cupidite'k se Stupid stupidite nan imite sa atis fè Mesaj pozitif yo la koman fe nou pa satisfè Rasis fè neg chanje koule po Imilye'n pou koule po Siw black konnenw lucky, men nou toujou antò (an thor) Sitou lè polis fe arimay E lel pa jwenn poul li pran pay E peze kou'l, e kou'l bezwen cool avek poul poul gaye pay Fow bale pay e le pay woule deye dow pa mande 2 Kontantew ak saw genyen e lew jwenn youn pa mande 2 Wap chachon'w bon MC fred hyppe baw P.I. c pa mande 2 Pagen foli sereyal lew jwenn akaszn kay mant dede Wka pran gede siw pa mete prensip memsiw pa swiv gwo lwa Pagen ide fiks nan chapit romen'w pa jwenn gaulois Tout règ gen esepsyon gen desepsyon lew pa nan lo wa E sesak fe'n pap janm fonw pa tankou stati madan kola a Pwovèb la di sak nan vant kabrit se lik pal la Saw bezwen an se lik pa la Sak pou fonse se lik pal la M pap ajenou devanl si li pa halla Nan kontra a l'ranpli pati pal la Gen'k rive rapid pic fè li an ti pa ti pa'l la M pase eprèv pa mandem prèv M gen vizyon'm pa mande rèv Le lanmou ap veyikile nan peyi m'pa mande grèv Aprann apresye mesye chaje atis ki chaje èv Se prèv premye peche'n se ensasyabilite ou met al mande èv Ou met al mande èv, premye peche'n se ensasyabilite Ou mèt al mande èv Its the p to the i to the c nigga!