(It’s the P to the I to the C niggah) Lè’m ap ekri, mpa sèlman fè lank plim sal ka ye M pran tout sanm ni sak koule nan venn ni sa’k kaye M konn konn konnen mpral ekri sanm mpoko menm konn sa’l k ye Li k rap, pwezi, powèm men si’l son lèt fòl pa kaye Poul pa gaye, m’pleye baye nan ranje mo’k te degaye Sa’m te graye atire atansyon kou fanm ki debraye M’ekri anpil, paske’m pa pal’anpil E sim vin diw m’pap pa nan pil M’ekri’l nan balèn, li pase kouran, ou wèl pap k nan pil Lè map ekri c poum mande sa kap fèt Poum pale’l de sak pral fèt, sa’m reve’k fèt Sak plede fèt, defèt sak t fèt E pale de vèy e de fèt De frèt kach avek cash ki gen ant siksè e defèt An fèt, m’ekri san rezon Ak tò ni rezon Sou rezon ki fè liyezon Ant chak mo ki nan chak ri’m Chak nesans oubyen chak krim De dlo nan je’m oubyen chak ri’m Donk c chak lèm anvi pale de dunk Oneil Shaq ri’m M’ekri’m, paskem pale de vi’m e de mizè’m Nan ekri m’satisfè tizè’m Apre 6è flow m’te diw pa pal’anpil* m’trase lizyèm M’ekri poum swanye kriz kèm M’asure’w nu pap ekri menm jan memsiw ta wè plizyèm Depi nan 6è St Louis d’Gonzague Sou wout la m’fon zigzag M’ekri’l dous, m’ekri’l anmè Gen’k banm respè, gen’k banm plis vag M’ekri lèm pap fè anyen, m’ekri lèm sou ekri M’ekri lèm sou 3 pye, m’ekri tou lèm sou beki Chak grenn mo c gramfat so m’ekri lèm sou megri M’ekri sou patnè, sou egri M’ekri lem sou ekri Euh banm wè, m’ekri sou lèm sou ekri M’ekri lem fucked up, lèm lucide e menm lèm sou m’ekri M’ekri pou’m bay lide mwen Nan lis lan pou’m valide mwen Kite mwen ekri pou’m k pale nou de nou, de li, de mwen M’ekri pou rans Pou’n k fè konesans san’n pa fè bri E nan yon sans, m’ka di’m vin vann konesans san’m pa fè pri San’m pa febli M’vin ekri, pou ou, pou yo, pou li M’ekri muzik pouw chante, m’ekri tèks ak liv pouw li M’ekri sou baz mwen ak sou zansèt yo poum pale de brav M’ekri sou politik peyim nan lèm sou fè epav Se grav, m ekri an esklav, an òm lib e an afranchi M’ekri poum diw gen limit nan vi sa pouw pa franchi M’ekri an dèy men wap anvim lè c lajan’w bezwen blanchi M’ekri yon album anba dlo san’m pa respire par branchi M’ekri lèm grangou, lè vant mwen plen ni lèm balonnen M’ekri pou sak renmen wont, ni pou sak sanwont pou’m ba’l on Nen M’ekri pou manman’m lè lanmou ak fyète makonnen Pa sou luxe, ni sou papa paske’m pa ekri sa’m pa konnen M’ ekri rapid, m’ekri vers lent M’ekri punchline, m’ekri verlan Depuis vers l’an 2000 map ekri revers nan Sak pral pase nan univers lan Rouge, jaune, vert lan C doktrin mwen c sak fè’m ekri Reggae M’ekri dwat, m’ekri kwochi, dè-dè-dè fwa m’ekri bege U k di woaw, ou k di wouch Bèl pawòl, ekriti pat mouch W’anvi fè la p’tite cuillère, pandan mwen map ekri ak louch M’ekri fawouch, m fè sispèk menm sa’k pat louch 2, 3, 4 touch m’ekri pou’m fè bri, pou’m pèse, m’ekri katouch (pla!) Ekriti’n pa dekri aksyon’n Ekri nenpòt sa’n jwenn, lèn pa jwenn chabon n’ekri ak sann E nou pran san’n son San’n pa gen ide swisid, blese dwèt, n’ekri ak san’n Gen anpil neg ki ekri fo e sou tèt “o” a nou met aksan’n M’pa vi’n ekri sou mal, m’ekri pou nou pou nou byen, Oubyen Siw t fache avèm m’ekri pou nou, pou nou byen Mo yo konn mal ekri, men lèm ekri poum pale de nou m’dekri nou byen Ke’m ekri gwo, ke’m ekri fen De komansman jiskalafen M’konnen m’pap sispann ekri, ke’m nan riches kou nan lafen Enfen, m’espere ke’m pap ekri anven Nan ekri san fren Yo di’m fon outro 8bars m ekri 20 Its the P to the I to the C Yon MC Yon ekriven Ekri an gwo e an detay Pou konn gen bon twal fòk gen bon retay Yeah! Wisan on the beat Yo Hype! Word is born PIC! Ekri nenpòt sa’n jwenn, lè’n pa jwenn chabon n’ekri sann