Di yo sa Nou sonnen on lòt jan Mwen bezwen yon fanm Mwen bezwen yon fanm kap konprann mwen lè'm pale Menm lè m pa gen kòb ki pap voye m ale Kap aksepte'm kit mwen dread ou tèt kale Ki pap trete'm tankou fatra yap bale Mwen bezwen yon fanm, yon fanm Yon fanm ki gen fanm nan fanm li Yon fanm kap ret avèm menm lè m pa bal chato Menm lè m ale bien lwen problem pap fè li banm mato Li pap fè neg fè blag sou mwen kou ti bato Ki pap refuze mayi mouyen blanch mwen kou gato Yon fanm kap respekte'm menm lè m nan foto E lè m bezwen fè love jamè ki pap banm poto Ki pap tronpe'm a neg kap roule auto Pandan m pa ka fè kado yon kawotchou moto Fòk li pa maledve, fok li trè rezève Fòk se on moun ki chaje ak sajès fòl bien elve Fòk li pa gran lajè ni fòl pa tapajè Fòk li respekte tèt li e fò ti pie'l pa lejè Mwen bezwen yon fanm kap konprann mwen lè'm pale Menm lè m pa gen kòb ki pap voye m ale Kap aksepte'm kit mwen dread ou tèt kale Ki pap trete'm tankou fatra yap bale Mwen bezwen yon fanm, yon fanm Yon fanm ki gen fanm nan fanm li Pou li m se wou m se kabwèt Pou l se tanbou m se bagèt Pou l se legliz mwen se kèt Li se bwapen m se alimèt Li se je m se linèt Pou l soulie m se chosèt Pou l se kò mwen m se tèt Li se rido m se fenèt Pou l se madanm mwen m se mari Tankou Joseph ak Marie Pou n tankou France ak Paris Depi l pa la mwen pa ri Avèl map gen tout pari M pa care lè'l sot nan lari Fanm sa lè'm swaf se li k pou senbolize dlo kanari'm Se pa fanm kap fèm pran zam al vòlè Fòk se pa yon moun kap fèm fè kòlè Sou beat sa pou li fòm ka fè djòlè Mwen bezwen yon fanm kap konprann mwen lè'm pale Menm lè m pa gen kòb ki pap voye m ale Kap aksepte'm kit mwen dread ou tèt kale Ki pap trete'm tankou fatra yap bale Mwen bezwen yon fanm, yon fanm Yon fanm ki gen fanm nan fanm li Fanm pam nan fò'l boude lè'm leve san on goud E lè map pale fòk li pa pran pòz soud Fòk sonw fanm ki pap janm lage mwen nan wout Fok sou li pou lod maladren pa fè kou Fòl konnen l se fanm e mwen menm mwen se gason Pou n viv bien tankou lanmè viv avèk pwason Poun mache ansanm tankou vèvè ak ason Pou n se pwason kraze nan bouyon Natasha si w vle marie pito w chache mete - fanm nan fanm ou Si w pa vle divòse pito w chache mete - fanm nan fanm ou Si w vle jere fwaye w pito w chache mete - fanm nan fanm ou Se vre - fanm nan fanm ou Mpa tande - fanm nan fanm ou Cherie si w vle marie pito w chache mete - fanm nan fanm ou Si w pa vle divòse m di'w - fanm nan fanm ou Si w pa vle neg la kite w pito w chache mete - fanm nan fanm ou Yea yeah yeah - fanm nan fanm ou Mwen bezwen yon fanm kap konprann mwen lè'm pale Ki pap trete'm tankou fatra yap bale Mwen bezwen yon fanm, yon fanm Yon fanm ki gen fanm nan fanm li