Yea Everything is gonna be alright Map rive kanmèm (Pierre Jean) Apre soufrans se delivrans Pa dekouraje pran pasyans Tout sa gen poul chanje Konsa l pap rete Chak jou m leve m santi m vle touye tèt mwen M tèlman dwe moun m pa ka konte sou dwèt mwen Bondye kilè map ka fin n peye dèt mwen Chak jou moun mwen dwe yo fin n fè bri nan ri a pou tèt mwen Si w gad nan pòch mwen wa wè jan bagay yo makawon Fwaye dife lakay blanch nou pa ka fri yon mak aran M tèlman dwe moun, tout lasent jounen m oblije ap mawon Pwoblèm mwen pi rèd pase lè Izrayèl te anba Farawon Ou konn lè nèg pap travay kisa sa vle di Mwen gen repitasyon pou pyè dèt yo pa vann mwen kredi Mwen toujou nan chalè menm lè li fè fredi Kèm pa janm kontan paske se anba mizè map redi Pwiske chita pa bay chak jou m fè yon ti mache Soti nan lari a, ap wè kot lavi fè kwen map chèche Moun ki ka edem yo wèm ap vini, yo kouri kache Paske yo konn si yo pretem, avèm yo deja fache Lè bagay sa yo rive konsa, m santi kèm ap rache Pou dlo ki prèske kouri nan jem, men m kenbe m pa lache Paske m gen detèminasyon ak pasyans tankou zache M pap kite vye entansyon dirije m pou vi m pa gache Mwen konn kouche, tèlman m kalkile nan dòmi m pantan Tout moun kouche, men map rive kanmèm men m lè l pran tan Oh Bon Dieu est-ce que tu m’entends? M pa gen konfyans nan Satan Menm konnen jou va jou viens map rive Se delivrans mwen map tann Apre soufrans se delivrans Pa dekouraje pran pasyans Tout sa gen poul chanje Konsa l pap rete Nou tout kila konn lè w pa gen lajan jan bouch ou gou Te mèt sot manje, yon ti van pase ou gentan grangou Ou gentan fennen tankou poul ki malad kap kagou Fòw ta pase yon bagay nan bouch ou pou w reprann kab ou Yèswa m gen yon grangou ki tap koupe trip mwen tankou yon lazè Mwen pa gen kòb, mal achte kredi ka madan lizè Li pa vann mwen m te achte yon fritay, m pat janm peye manzè M te pran wont sa devan yon pil moun yèswa blòk onzè Lè m voye jem ka pè Alexandre lan mwen wè Nazè Kè m gentan kontan, men lèm checke misye plis razè Imajine w depim maten mwen pran yon kafe sizè Lèm resi moute kabann nan, pou m dòmi s’on mizè Chak jou m priye m mande Bondye retire m nan vi sa Pou m sispann mouri grangou, pou m aprann manje pizza Pou m gen frechè, pou m gen bèl machinn, pou mwen gen viza Men pouki li pa janm reponn, mwen twouve sa biza Nou tout se pitit bondye, men n pa fèt sou menm etwal Nou tout met rad, men ou mèt kwèm yo pa fèt a menm twal Wap dòmi nan yon chato, li menm se alabèletwal Wap byen mennen pandan la mizè fè li tounen chwal Mwen toujou sou mawon, m toujou sou dòmi nan raje Chak pòt mwen frape, yo pa janm ouvri mwen angaje M ap kontinye pèsevere, mwen pap dekouraje Mwen konnen jou pa m nan ap rive wi ca va s’arranger Sa ka rive nan katye lakay ou, ou pi meprize Ou pa janm wè ou pa sou anyen wap neutraliser Pami tout moun yo se ou yo toujou minimize Men pa bliye pou w pot bon nouvèl nan wout fò w mize Fòk ou toujou genyen yon rèv, yon objectif visé Yon jou se èd ou tout moun ap bezwen utilisé Piga w vanje de sa yo te fè w, ret civilisé Pa kite orgueil mennen w, pa janm ridiculisé Apre soufrans se delivrans Pa dekouraje pran pasyans Tout sa gen poul chanje Konsa l pap rete Tande Pa janm egri de sa yon moun genyen (non) Ou pa dwe fache ni piga w plenyen (jamè) Ou pa konn kijan ni pa ki mwayen Alewè se zafè moun lap manyen Pa enkyete m paske jou pam nan ap rive kanmèm Pwoblèm yo konn prèske devye m men mwen toujou pran men m Pa sispann pèsevere, pou ou bondye gen yon plan man Kelkeswa kote w ye, lap gade w ou nan de pla men l Nan moman difisil yo w ap jwenn anpil bèl offre Se yon fason pou tante w, si w aksepte ou deja off Yap kreye tout mwayen posib pou ou ke de Tòf Lè konsa ou menm met granmoun sou ou, kanpe Tòf Kòmansman pa peye Fò w pa pè eseye Sonje gen on Bondye k te kreye w Gade si w tap dòmi Reveye w Apre soufrans se delivrans Pa dekouraje pran pasyans Tout sa gen poul chanje Konsa l pap rete