Absans ou toumante'm Je m'ennuie de toi Lè w pran'm nan bra w tandreman Kò w atire mwen tankou leman Sa fè depi m avè'w m'pa ta vle pou nou janm detache Lè w nan lari m'ap priye pou w vini Mwen pa ka tann pou m makònen avè'w Ti cheri mwen se lè w souri avè'm, mwen santi'm byen Mwen jwenn nan ou sa anpil moun pase vi y'ap chèche byen lwen Maten, midi e swa, m vle'w toujou la, oo, paske Absans ou toumante'm Lè w pa la l domine'm Je m'ennuie de toi Absans ou toumante'm Lè w pa la l domine'm J'ai besoin de toi Gen moun ki wè sa k'ap pale yo di'm trò tizè Men se konnen yo pa konnen anpriz lanmou'w genyen sou mwen Jan ou chanje vizyon'm, nan vi mwen ou se gidon Gen anpil lòt k'eseye men k'pa rive rivalize'w Chak fwa nou fè'l li nouvo pou mwen Kite m di'w baby kisa ou vo pou mwen Mwen pa anvi pase menm yon segond San w pa bò kote mwen Absans ou toumante'm Lè w pa la l domine'm Je m'ennuie de toi Absans ou toumante'm Lè w pa la l domine'm J'ai besoin de toi Doudou m anvi wè w Gen de fwa lè ou renmen Ou ka menm bay sa w pa genyen Menm si'l pa g'on dola, ou pa deranje, pito'l la Si'w jwenn chans yon moun renmen ou, ki bliye tèt li pou ou Kenbe'l di paske g'on lòt k'ap tann ou pèdi'l pou l anvayi'l Cheri m'ap vini Kenbe'm pa lage (kenbe) Rete bò kote'm (kenbe) Cheri dòlote'm Cheri an mwen, doudou an mwen (kenbe) Kenbe'm pa lage (kenbe) Rete bò kote'm (kenbe) Cheri dòlote'm Kenbe'm pi fò bebe Absans ou toumante'm Lè w pa la l domine'm Je m'ennuie de toi Absans ou toumante'm Lè w pa la l domine'm J'ai besoin de toi