Lanmou sprityèl Li soti kay Bondye Malgre tout sa nou fè Li toujou padonen M'ap kontinye renmen malgre kout ba (Malgre li konn gen gou anmè) M'ap bay lanmou lanmen jouk sa kaba (Jis sa kaba tonnè) M deja gen gòm avèk chifon Pou m efase tout vye pase E m prè pou ti sa ki pot kè'l byen presye Pou mwen pwoteje'l ak lanmou Mwen pare pou m renmen Malgre l pote soufrans Mwen pare pou m soufri Aprè soufrans se delivrans Mwen pare pou m renmen Malgre l pote soufrans Mwen pare pou m soufri Aprè soufrans se delivrans M pap di m te pèdi tan m Nan chèche pasi pala Ann di son eksperyans Ki montre'm ke bon yo ra Si w vle jwenn yon moun Ki la lè lapli, ki la lè sechrès, wi, toujou la Fò w pa pè louvri kè ou bay lanmou Menm si w te twonpe w youn ou de fwa Mwen ka di m fyè de kè mwen Anpil fwa ki pran kou Yo bouke kraze'l, yo matirize'l Men l'ap mache toujou Mwen pare pou m renmen Malgre l pote soufrans Mwen pare pou m soufri Aprè soufrans se delivrans Mwen pare pou m renmen Malgre l pote soufrans Mwen pare pou m soufri Aprè soufrans se delivrans Cheri m pare Di'm si se kè m ou vle Men l nan men m m'ap Lage'l, lage'l, lage'l devan'w lan (Oh Sound Studio) Men konpa Ooh Dlo nan je'm konn neye kè'm M konn sèmante m pap renmen ankò (M renmen pi rèd, m renmen pi rèd manman) Fè gwo diskisyon ak fanmi, zanmi M konn menm parye m pap renmen ankò (M renmen pi rèd, m renmen pi rèd manman) Ooh Dlo nan je'm konn neye kè'm M konn sèmante m pap renmen ankò (M renmen pi rèd, m renmen pi rèd manman) Fè gwo diskisyon ak fanmi, zanmi M konn menm parye m pap renmen ankò (M renmen pi rèd, m renmen pi rèd manman) Mwen pare pou m renmen Malgre l pote soufrans Wi mwen pare