Ou vyole konfyans mwen san rezon Ou mache sou fyètem san rezon Malgre w te fè'm promesse Mwen avew pou lavi Gade kijan w trayi m Mwen pa merite sa Lanmou te aveglem, mwen te pedi nan ou Mwen te ka renonse ak fanmi mwen, jis pou ou Mwen te wè lwen pou mwen ak ou Anyen pat ka stope nou M pata panse yon jou ou tap lage menm Pou m tonbe nan trou Tout je yo la yap gade Yap ri nan malè mwen E anplis yon kè ou kite Nan lapenn Ou vyole konfyans mwen san rezon Ou mache sou fyètem san rezon Malgre w te fè'm promesse Mwen avew pou lavi Gade kijan w trayi m Mwen pa merite sa Byen souvan ou livre kèw ak tout anndanw Ba on moun ou renmen Ou pa care sa moun ap di Ou prè a tou pou li Men lèl deside ale Li pap konn sakrifis ou te fè Ni tou li pap care sil kite w nan lanfè Ou vyole konfyans mwen san rezon Ou mache sou fyètem san rezon Malgre w te fè'm promesse Mwen avew pou lavi Gade kijan w trayi m Mwen pa merite sa Mwen baw ke mwen (ou maltrete l) Mwen baw men mwen (ou krisifye l) Mwen baw nanm mwen (ou matirize l) Ou san pitié Mwen baw ke mwen (ou maltrete l) Mwen baw men mwen (ou krisifye l) Mwen baw nanm mwen (ou matirize l) Ou san pitié Ou fè'm mal Ou fè'm mal mal, mal, mal Ou fè'm mal Ou san pitié Ou fè'm mal Ou fè'm mal mal, mal, mal Ou fè'm mal Ou san pitié Mwen baw ke mwen (ou maltrete l) Mwen baw men mwen (ou krisifye l) Mwen baw nanm mwen (ou matirize l) Ou san pitié Mwen baw ke mwen (ou maltrete l) Mwen baw men mwen (ou krisifye l) Mwen baw nanm mwen (ou matirize l) Ou san pitié Ou fè'm mal Ou fè'm mal mal, mal, mal Ou fè'm mal Ou san pitié Ou fè'm mal Ou fè'm mal mal, mal, mal Ou fè'm mal Ou san pitié Ou vyole konfyans mwen san rezon Ou mache sou fyètem san rezon Malgre w te fè'm promesse Mwen avew pou lavi Gade kijan w trayi m Mwen pa merite sa