Yo yo Papa Roodensley refè l ankò E nou l ye, e nou, e nou l ye e pa yo Pèp la fache pèp la dedouble Li mande anraje Paske l bezwen on lavi miyò Jehova vin di yon mo pou nou Prezidan Roody vin pale pou nou Jehova vin di yon mo pou nou Prezidan Roody vin pale pou nou Peyi lòk biznis tout moun fout kanpe Barikad yo tout kote Pèsòn moun pa epanye nou nan chomaj oh Nou lòk, menm lekòl pa fonksyone S on bann san konsyans nou ye Nou chita n ap radote pran pèp la pou makak oh Nèg yo fè box nan paleman on bann makak k ap fè makak Nèg yo tire nan paleman on bann makak k ap fè makak Lage twalèt nan paleman on bann makak k ap fè makak Yo san respè pou paleman on bann makak k ap fè makak Wo fè makak yo fè nou fè makak Way fè makak yo fè nou fè makak Yo te pwomèt manje nan bòl on bann makak k ap fè makak Yo te di kouran tap 24 sou 24 on bann makak k ap fè makak Te pwomèt yo tap voye timoun lekòl on bann makak k ap fè makak Yo te di yo pral mare vòlè petwo yo on bann makak k ap fè makak Wo fè makak yo fè nou fè makak Way fè makak yo fè nou fè makak Lè w mete wòch nan men makak se tèt ou l kase Lè w mete bwa nan men makak se tèt ou l kase Lè w mete zam nan men makak se tèt ou l kase Se tèt ou l kase Manman pèdi pitit, pitit pèdi papa Madanm pedi mari twòp masak mezanmi Pou yon timoun ap sot lekòl oh Ou touye l ak tout papa l oh, kriminèl Twòp zam nan peyi a - mesye poze poze Twòp gè nan peyi a - mesye poze poze Twòp krim nan peyi a - mesye poze poze Bay peyi a yon souf non mesye Nou bezwen dezameman, nou bezwen sekirite Mete tout bagay anlè pou n ka voye on siyal ale Vire bay siyal la Vire vire - bay nèg yo siyal la Vire mayo Vire kepi Vire mouchwa Vire drapo Vire kaskèt Mete tout bagay anlè Rhum bakara chanpyon Joker eletronik chanpyon Lwil shell rotella chanpyon Paryaj lakay chanpyon Loto lakay chanpyon Konplex cargo chanpyon Moto tvs chanpyon Woule woule voom voom Bnc chanpyon Nou gen richard store Canez construction Mache Ti Tony Si w te ka koupe tout chèk mò yo T ap gen bidjè pou w f on lopital oh Si w te ka kanpe kontreban oh T ap gen kob pou n konstwi lekòl oh Pwoblèm yo la solisyon yo la Si w te ka pran lajan l'ona pou w prete ak sa ki pi mal yo Yo ta jwenn yon ti degaje Konsa nou ta gen yon lòt klas mwayèn Pwoblèm yo la solisyon yo la Aba koripsyon Aba vòlè Si nou tout dakò mete de men n anlè Kapote l a goch Kapote l a dwat Aba kidnaping Aba enjistis Si nou tout dakò leve de men n anlè Kapote l a goch Kapote l a dwat Konbyen anbilans ki genyen nan peyi a Mwen pa konnen non Konbyen kamyon ponpye ki gen nan peyi a Mwen pa konnen non Lopital jeneral fanm ansent akouche atè Andan Site Solèy timoun yo ap manje atè Nou tèlman vin pi mal yo menm konpare n ak lanfè Si n pa met tèt ansanm peyi n pap janm dekole Reveye Reveye konsyans nou Reveye Reveye moral nou Reveye Reveye bon sans nou Reveye Mesye fò n antann nou Konbyen moun k ap mouri pou lajan lopital Mwen pa konnen non Konbyen moun matisan kap mouri anba bal Mwen pa konnen non Lopital jeneral fanm ansent akouche atè Andan Site Solèy timoun yo ap manje atè Nou tèlman vin pi mal yo menm konpare n ak lanfè Si n pa met tèt ansanm peyi n pap janm dekole Reveye Reveye konsyans nou Reveye Reveye moral nou Reveye Reveye bon sans nou Reveye Mesye fò n antann nou Ali baba - eya eya