Pandan nan je ou m pi mal Gen on lòt ki deyò a ki bezwen mwen Ou di m m fè w bagay ki sal Ou di m ou pa wè espwa avni w avè mwen Si w vle kite m vle abandone m M pa kyè (ki mele m) Oh m pa kyè (ki mele m, ki mele m, ki mele m) W ap imilye m, w ap plede blaze m M pa kyè (ki mele m) Oh m pa kyè (ki mele m, ki mele m, ki mele m) Ou jwe ak santiman mwen, ou fè m pèdi tan mwen Desann valè m ou pran menm fanm ki pran nan ran mwen Pèdi lonè m devan fanmi m Respè devan zanmi m Ou strese m ou pa sispann blese m Ou sans état d'ame Wap mache DM tout fanm sou Instagram Lè m boude m fache ou di m kareman se pa dwa m Vakans ou te vin pase nan vi m Menm sou kabann ou pa menm ka pase anvi m Pandan nan je ou m pi mal Gen on lòt ki deyò a ki bezwen mwen Ou di m m fè w bagay ki sal Ou di m ou pa wè espwa avni w avè mwen Si w vle kite m vle abandone m M pa kyè (ki mele m) Oh m pa kyè (ki mele m, ki mele m, ki mele m) W ap imilye m, w ap plede blaze m M pa kyè (ki mele m) Oh m pa kyè (ki mele m, ki mele m, ki mele m) Se mwen k te fè erè m remake ou pat janm mezi pye m M te aprann viv avè w ak tout defo w, m te reziye m Kounya ou jwenn on lòt ou gentan bezwen ekzile m M te fe tout efò pou m te ba w sa w te ekzije m Fò w reflechi nan lavi sa, ou pa santi w fè twòp pou laj ou Ou fè neg la pase pou fanmi w e poutan se mennaj ou Ou trete m tankou yon vye rejè poutan se ou k te pye lejè Mache apante tout berejèn tout sa w fè m yo la w ap peye l chè Ou tèlman ban m bil m rele m bilolo Toujou sou batay sou mete kimono Sou pawòl anpil sou meli melo Aprè dezan m konnen w ou gen 2 nimewo Lanmou n koule kou bato taytanik Ou tounen on demon espri Satanik Ou konn di w Delmas epi w Lamalik Pa vin ban m presyon pa vin bay panik Oooo (ki mele m) M pa kyè (oh m pa kyè) M pa kyè (oh m pa kyè) Oooo (ki mele m) M pa kyè (oh m pa kyè) M pa kyè (oh m pa kyè) Ou pa menm ka mennen m sou pik makaya menm Ah m pa fout kyè Rale kò w la gatorade ou pa menm dous menm Ahahaha