Ayiti, Ay- Ayiti Ayiti, Ay- Ayiti Ayiti se peyi pa m yo pa vle m viv ladan l Pòtoprens kapital yo pouse do m ladan l Nou anba menm drapo Nou gen menm koulè po Men nèg yo pran nou nan konplo Toupatou se gè gè gè Leta ret bèkèkè Menm si m ta vle danse rara m pa ka moute bèlè Peyi m chaje chimè, m pa ka al bisantnè M pa ka antre Sylvio Cator pou m al rale chenè adje wo Bondye, eske w abandone n? Eske ou tou bliye n? Eske w pa janm gade doulè nou mizè nou? Bondye, eske w abandone n? Eske ou tou bliye n? Eske w pa janm gade doulè nou mizè nou? Eske se la lanfè a ye, di m non, di m non Kay malere y ap mete dife, di m non, di m non Woy, tou vivan moun yo ap boule, di m non, di m non Fanmi pa jwenn kò pou antere Pa gen bouzen gran ri ankò Nou pa gen sinema ankò Pa gen mwayen pou m al ranje machin mwen ri chanmas ankò Pa gen bò katedral ankò Nou pa gen ri pave ankò Pa gen mwayen pou m al achte frechè andan gerit ankò Pa gen vakans Decameroun Ganm lajounen y ap kidnape moun Andan lakay tounen prizon Pandan n ap veye bal mawon Bondye, eske w abandone n? Eske ou tou bliye n? Eske w pa janm gade doulè nou mizè nou? Bondye, eske w abandone n? Eske ou tou bliye n? Eske w pa janm gade doulè nou mizè nou?